Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

Popilasyon Petyonvil la touye epi boule pi piti 7 prezime bandi jodi madi a

Pou piti 7 prezime bandi tonbe nan bwa kale jodi madi 2 mai 2023 a nan Petyonvil bò 11zè. Endividi sa yo ki tap tante kache nan lokalite stenio Vincent, sergo ak jalousie daprè sa kèk manb nan popilasyon an rapòte ak jounalis repòtè OVO mag Anderson Charles ki te sou plas.

Imaj yon prezime bandi popilasyon petyonvil la touye, imaj floute pa OVOMAG
Imaj yon prezime bandi popilasyon petyonvil la touye, imaj floute pa OVOMAG

Popilasyon an ki vrèman an kolè mande ak tout chofè machin ki asire trajè Petyonvil/kenskòf/ Laboul /Dezire ak lòt lokalite nan komin nan pou yo bese tout vit machin kap monte yon fason pou yo detekte si gen bandi kap chape pou l yo nan transpò piblik la.

 

Fenomèn bwa kale ap kontinye fè chemen li e li prèske atenn tout teritwa nasyonal la. Nap raple pwemye pati bwa kale a deja mennen ale plis pase yon santèn prezime bandi. Yon mouvman, pwemye minis Ariel Henry pa fin dakò, nan yon diskou ki difize ayè lendi pwemye me a, chèf primati a mande ak popilasyon an pou arete bandi yo epi mennen yo bay lapolis yon fason pou lajistis ka fè travay li.

Related posts

Pou sove lavi yo ak fanmi yo anba kolè gang, plizyè abitan nan Kabarè pèdi lavi yo nan lannmè

Ovo Mag Haiti

Twitter supprime le badge bleu des comptes certifiés pour pousser les utilisateurs vers un abonnement payant

Ovo Mag Haiti

Robsy : un groupe musical haïtien phénoménal évoluant aux États-Unis

Ovo Mag Haiti

Yon pwofesè inivèsite leta ak yon polisye tonbe anba bal bandi nan atak ame bèlè kont solino

Ovo Mag Haiti

Partage des données: Whatsapp repousse la mise à jour de sa politique

Ovo Mag Haiti

*Installation du nouveau Directeur général de L’EDH*

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!