Ovomaghaiti
Non classé

Ayiti/ensekirite/Bandi yo kontinye ap simen latwoublay nan peyi an

 

Kèk jou selman aprè neg ak zam nan Savyen te fin simen dèy nan mitan popilasyon Ponsonde an, ebyen jodi jedi 10 oktob 2024 lan vil Akayè te leve depi 3è nan maten anba gwo tansyon akoz atak vyolan gang yo te mennen nan vil la.

Selon bilan pasyèl yo de (2) moun mouri, de (2) polisye sòti blese nan atak sa-a neg ak sapat yo fè sou site drapo an, plizyè kay pami yo kèk lekòl epi plizyè machin sibi gwo domaj anba men zago loray yo ki pa sispann taye banda anba bab otorite leta a ak lapolis.

N ap raple malgre ti jefò PNH lan sètansi pou kontrekare lwijanboje yo, sa pa anpeche yo kontinye kontwole yon bon pati nan teritwa nasyonal lan.

Si se vre gouvènman an anonse anpil mezi pou mate ensekirite an, ebyen jiskaprezan se bandi yo ki kontinye ap dikte leta a ak popilasyon an lwa yo.

Pou OVOMAG:Stéphane EUSTACHE

Related posts

La prostitution un métier mélancolique!

Ovo Mag Haiti

TikTok condamné à payer 10 millions de dollars au Venezuela pour négligence après la mort de trois ados

Ovo Mag Haiti

Nahomi Osaka: Un rêve devenu une habitude.

Ovo Mag Haiti

Ayiti/ Mobilizasyon: lapolis kraze premye manifestasyon kont pouvwa an plas lan

Ovo Mag Haiti

Guerre Ukraine-Russie : bombardement meurtrier de la Russie sur Kiev

Ovo Mag Haiti

Haïti-Culture: Skason BAPTISTE opte pour une Communication efficace et efficiente.

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!