Ovomaghaiti
AktyaliteAYITI 🇭🇹

Ayiti/ensekirite/Gang 400 mawozo boule yon pati nan komisarya gantye an

 

Definitivman bandi nan zòn metwopolitèn nan pa deside pran poz nan zak malonèt y ap komèt anba bab otorite yo, malgre arive fòs miltinasyonal lan nan peyi an depi kek semèn se tankou se te nad marinad pako gen anyen ki chanje pou bay popilasyon sivil lan yon souf.

 

Byen bonè jodi dimanch 21 jiyè 2024 lan, bandi k ap opere nan kwadèboukè tout moun konnen sou non 400 mawozo, mete dife nan yon pati nan komisarya gantye an epi piye plizyè kay moun nan lokalite an. Kote moun nan zòn nan t ap mande sekou, avan ke ti mesye FAD’H ak kek ajan inite espesyalize nan PNH lan te vin arive metew kanpo nan pwogresyon zak bandi yo, ki te komanse ap frape depi 3zè nan maten.

Pou moman an la tout bagay antre nan kal yo, menm ke popilasyon an toujou rete ak on je ouvri on je fèmen.

 

 

Nap fè remake komisarya gantye an ajoute sou long lis komisarya ke bandi deja pase anba ray yo depi kek mwa sou ti bout teritwa a.

 

Gwo kesyon nap poze se jiskilè bandi isit ap sispann taye banda, e mete popilasyon sivil lan nan kouri vire tounen ?

 

Pou OVOMAG : Stéphane EUSTACHE.

Related posts

6 manm baz gang 5 segond ki dirije pa izo, anba kòd lapolis nan depatman nip

Ovo Mag Haiti

Plis pase 40 prezime bandi mouri nan Pòtoprens

Ovo Mag Haiti

Le peuple haïtien entre les griffes des gangs et la violence policière

Ovo Mag Haiti

Plis pase 80 polisye asasine, 4 blende boule nan yon tan tou kout

Ovo Mag Haiti

Kanal la ap inogire 18 novanm, jou selebrasyon batay vètyè

Ovo Mag Haiti

Lapolis blese mòtèlman 2 manm baz 400 mawozo nan kwadèboukè

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!