Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

DCPJ mete yon avi rechèch dèyè yon kad nan ministè finans ak ekonomi pou enplikasyon prezime li nan trafik zam ak minisyon

DCPJ mete yon avi rechèch dèyè yon kad nan ministè finans ak ekonomi pou enplikasyon prezime li nan trafik zam ak minisyon

 

 

Direksyon santral Polis jidisyè DCPJ ap chèche tankou chen fou Johnny Docteur, ki se yon kad nan ministè finans ak ekonomi pou trafik zam, blanchiman lajan, frod fiskal, evazyon fiskal elatriye.

Daprè nòt enstitisyon polisyè a pibliye jodi dimanch 28 me a, avi rechèch sa vini nan kad ankèt sou dosye kagezon zam ak minisyon legliz epikopal Dayiti enplike ladan l. DCPJ deja mete anba kòd plizyè endividi nan kad dosye sa.

 

Daprè yon twit Radio tele

Metronome, Johnny Docteur, ta gentan lage pye li depi vendredi 19 me 2023 a, men avan li kite peyi a, otorite jidisyè yo te lokalize Johnny plizyè fwa nan Jivena ak Bèlvil kay yon ansyen palemantè, epi kay yon aktyèl minis nan gouvènman an.

 

Leta ki gen misyon pou l pwoteje souverènte peyi a, kreye yon klima sekirite, poutan anndan leta sa, gen endividi ki enplike jouk nan zo nan trafik zam ak minisyon.

Related posts

Bandi ame anvayi yon legliz nan Delmas epi kidnape plizyè fidèl

Ovo Mag Haiti

Les prix des produits pétroliers à la pompe vont connaître une baisse.

Ovo Mag Haiti

Vladimir Legagneur, que s’est-il passé réellement?

Ovo Mag Haiti

Yon chèf gang alye Vitelhomme ak bwa dwat li fè vwèl pou peyi san chapo nan afwontman ak lapolis

Ovo Mag Haiti

Kylian Mbappé est dans le top 100 des personnalités les plus influentes du monde en 2023

Ovo Mag Haiti

Mete lame sou fwontyè ak Ayiti yo son deklarasyon lagè, pawòl ansyen prezidan dominiken an Leonel Fernándèz

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!