Nan yon rapò rezo k ap defann dwa moun yo (RNDDH) sòti ki konsène yon lane de konsèy prezidansyèl tranzisyon an gen sou pouvwa a, RNDDH aprann nou, lè nou adisyone salè 9 konseye prezidansyèl yo, frè pou yo fonksyone, frè pou peye dezyè m kay, kat telefòn, frè entèlijans, frè gaz, kat debi, frè pou madan m (mari), kòb pou manje. Plis kòb yo resevwa pou dejene ak lunch, plis kòb yo bay tèt yo pou lè gen fèt patwonal, kòb sa rive 93 500 000 goud pa mwa.
N ap raple konsèy prezidansyèl k ap dirije peyi a gen 9 moun, yo gen yon lane sou pouvwa a. Yo te rive nan tèt peyi a aprè yon konsansis ant yon bann pati ak regwoupman politik pou ranplase ansyen premye minis Ariel Henry. Yo te gen misyon pou bay sekirite ak fè eleksyon pandan espas 2 zan.