Ovomaghaiti
Non classé

Natcom: Kliyan yo denonse pratik abizif sou plan yo

 

Popilasyon ayisyèn lan eksprime pi plis mekontman li kont sèvis de (2) operatè telefòn mobil yo nan peyi Dayiti ap bay, Digicel ak Natcom. Men, atik sa a konsantre li sitou sou yon politik konsènan plan Natcom yo ki fè pale anpil, kote l kanpe otomatikman yon plan ki te dwe dire yon mwa lè yon kliyan chwazi aktive yon plan ki dire yon jou, sa ki fè itilizaté yo pèdi lajan yo te deja peye.

Atravè tout peyi an, kliyan Natcom yo ap plenyen pa sèlman pou kalite sèvis la ki pa bon, men tou pou politik plan yo ki sanble abitrè. Pandan dènye pann kab entènasyonal founisè Digicel la, ki te lakòz rezo entènèt li an pa fonksyone, anpil itilizatè te vire bò Natcom nan espwa y ap jwenn yon sèvis ki pi bon ak plis konsiderasyon pou kliyan yo. Malerezman, yo te desi.


Menm si plan Natcom yo parèt mwens chè pase pa Digicel yo, kliyan Natcom yo pafwa pèdi plis lajan. « Mwen te peye yon plan Krezi Dada 31 out, ki ta sipoze ekspire 30 septanm, men yo sispann li otomatikman 17 septanm paske mwen te chwazi yon plan jou pwiske mwen te bezwen plis done. Natcom pat menm avèti m », se sa yon itilizatè temwaye nan redaksyon nou.

Apre nou te kontakte sèvis kliyan an, ajan an te eksplike nou Natcom pa pèmèt itilizasyon diferan plan yo ansanm. Lòt kliyan rapòte yo te pèdi lajan nan menm fason sa, ak kòb ki disparèt sou kont yo, sou pretèks yo te itilize pou done mobil (entènèt).

Politik sa a sanble pa gen okenn lojik ak okenn eksplikasyon klè pou kliyan yo. Sispansyon otomatik yon plan mwa poutèt aktivasyon yon plan jou, ansanm ak pèt lajan san okenn konpansasyon, pa sanble jistifye pa yon amelyorasyon nan sèvis la.

Yon apwòch ki pi jis ta ka konsiste nan pèmèt plizyè plan egziste ansanm oswa bay yon avètisman davans anvan nenpòt sispansyon. Kliyan yo merite yon politik ki pi transparan ak ki respekte dwa yo.

Related posts

Le président Joe Biden justifie le retrait de sa candidature

Ovo Mag Haiti

Atak ame kont konpayi wòm bakara nan kwadèboukè

Ovo Mag Haiti

Solcash Finance: plis pase 5 lane osèvis kominote ayisyèn lan

Ovo Mag Haiti

Gary CONILLE a effectué une visite d’évaluation à la centrale électrique E-Power

Ovo Mag Haiti

Coup de théâtre : Vinicius Jr ne remporte pas le Ballon d’Or 2024, on dirait qu’ils ont sanctionné le noir qui parle trop

Ovo Mag Haiti

Ayiti/Edikasyon/Antre lekòl lan poko klè pou paran yo

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!