Ovomaghaiti
Actualités Aktyalite AYITI 🇭🇹

Poukisa blakawout tabli kò l nan peyi a depi kèk tan, poutan EDH fè silans?

 

Divès zòn nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan pa gen kouran depi plis pase yon mwa, Elektrisite Dayiti (EDH), ki la pou asire distribisyon kouran nan peyi a pa janm di anyen sou sa.

 

Elektrisite ki ta dwe aksesib ak tout moun k ap viv sou teritwa nasyonal la, vin de jou an jou pi difisil. Yon sitiyasyon ki pouse anpil sitwayen envesti lajan yo nan enèji solèy, sa ki pa gen mwayen ekonomik pou anvizaje opsyon sa a, oblije ap tann EDH san yo pa konn pou konbyen tan.

 

Se pa yon sekrè pou pèsonn, kouran nan peyi a te toujou yon pwoblèm. Anpil vil sou zile a pa gen aksè ak enèji, men olye pwoblèm lan ta amelyore, vizibleman li vin pi grav. San konte kesyon ensekirite k ap taye banda, zafè elektrisite ki pa aksesib lan, se youn nan pi gwo obstak nan pwogrè ak kwasans ekonomik peyi a.

 

 

Enèji, an patikilye elektrisite, se yon resous kle pou devlopman ekonomik ak moun. Disponibilite elektrisite a fasilite aksè ak sèvis enpòtan yo tankou edikasyon, nan blayi limyè nan lekòl yo ak nan kay, konsève manje nan frijidè, aksè ak teknoloji kominikasyon yo, amelyorasyon pwodiktivite nan sa ki gen a wè ak aktivite agrikòl ak ekonomik.

 

 

Epoutan, daprè chif ki disponib yo, se pi piti pase yon ka nan tout teritwa peyi a ki gen aksè ak kouran. Toutfwa, fò n soulinye pi fò nan kote sa yo pa jwenn kouran depi kèk tan. Kidonk, pwoblèm enèji a vin pi ampire. Pi grav ankò, kesyon elektrifikasyon tout peyi a sanble pa entèrese otorite yo.

 

Ki veritab kòz ki fè peyi a pa gen kouran depi kèk tan ? Yon kesyon ki difisil pou reponn lakòz responsab yo nan EDH pa pale sou sa, se kòmsi yo pat dwe popilasyon an okenn eksplikasyon.

Related posts

Plis pase 80 polisye asasine, 4 blende boule nan yon tan tou kout

Ovo Mag Haiti

Haiti/Politique/PLUSIEURS ÉCRIVAINS SE POSITIONNENT SUR LA SITUATION EN HAÏTI.

Ovo Mag Haiti

Haïti/Insécurité Deux nouvelles victimes dans les rangs de la police nationale d’Haïti

Ovo Mag Haiti

La plaine est en route pour devenir le nouveau Martissant !

Ovo Mag Haiti

La DCPJ recherche activement Robert Harry Bretous indexé dans l’assassinat de deux jeunes danseurs.

Ovo Mag Haiti

Partage des données: Whatsapp repousse la mise à jour de sa politique

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!