Nan yon pòs li fè sou kont X li, premye minis ayisyen an Alix Didier Fils Aimé voye senpati li bay gouvènman dominiken an aprè efondreman yon diskotèk ki lakoz plis pase 124 moun pèdi lavi yo.
Trajedi sa ki rive Repiblik dominikèn nan touchan e trè dezolan, men pa lwen premye minis lan nan Kenskòf, BINUH rapòte gang tewowis viv ansanm touye britalman omwen 262 kretyen vivan nan yon mwa.
Pou site Maurice Sixto, Alix Didier Fils Aimé bliye Kenskòf nan gwo liv li a.
Anplis de Kenskòf, premye minis lan bliye Mibalè, depi 31 mas pase a gang teworis yo fè tounen yon teritwa pèdi. Nan boule lekòl, atake lopital ak touye moun. Pa gen yon nòt senpati nan men okenn otorite nan leta a pou Mibalè.
N ap raple responsab dominiken yo poko janm adrese yon mesaj rekonfò ak pèp ayisyen an k ap pase move moman dènye tan sa yo. Okontrè prezidan dominiken an Luis Abinader ap aplike yon politik zenofòb kont ayisyen nan trake ak ekspilse yo an Ayiti 🇭🇹.