Depi plis pase senk lane, Solcash Finance ap fè diferans kòm yon enstitisyon mikro-kredi serye e angaje nan kominote ayisyèn lan. Li ofri sèvis epay, kredi ak SOL, sa ki fè l vin yon patnè finansye ideyal. Li disponib 7 jou sou 7.

Avèk katye jeneral li nan depatman Nòdwès, Solcash Finance gen manm toupatou nan peyi a e menm nan dyaspora a. Avèk eksperyans solid li nan kominote a, Solcash se yon enstitisyon serye ki enspire konfyans.
Sèvis yo varye e adapte
Solcash Finance ofri plizyè solisyon pou satisfè bezwen manm li yo:
1. Sèvis epay
Sèvis fleksib sa a pèmèt ou mete lajan sou kote pandan w ap gen aksè ak prè. Ou ka fè depo ak retrè atravè divès mwayen tankou MonCash, PayPal oswa transfè entènasyonal. W ap gen yon kanè k ap pèmèt ou asire yon bon swivi nan transparans.
2. Sèvis Kredi
Gen prè pèsonalize ki disponib pou ede manm yo finanse pwojè pèsonèl oswa pwofesyonèl yo.
3. Sèvis Sòl
Pwogram sa a se yon metòd ki pèmèt ou ekonomize yon kòb nan yon tan ki patap fasil pou ou. Li gen 4 dire: 3, 6, 9 oswa 12 mwa ak kontribisyon 3 fwa pa semèn ki varye ant 125 a 2000 goud kèlkeswa kote wap viv sou planèt la ou ka patisipe. W ap resevwa tout fon w yo ansanm ak benefis nan peryòd ki te prevwa a san anyen pa sot sou kòb ou.
Aksè fasil epi san kanpe
Sèvis Solcash yo disponib chak jou, menm dimanch, pou garanti yon sipò san kanpe pou manm li yo.

Pou w benefisye sèvis Solcash Finance, ale nan biwo yo ki chita nan Ri St Anne / Hyppolite Mare-Rouge, Mòl Sen-Nikola, oswa kontakte yo nan:
Ayiti: 3477-6562 / 3387-8957
USA: +1 973-637-4354
Email: solcashfinance@gmail.com