Vita Paul, ansan’m ak bwa dwat li tonbe nan boukante kout zam ak lapolis ayè dimanch 21 me 2023 nan lokalite lespinas ki sou fò jak komin petyonvil nan yon operasyon polisyè.

Pandan operasyon sila, fòs lòd yo sezi yon fizi daso epi boule plizyè kay bandi yo konn itilize pou kachèt yo. Depi kèk mwa gwoup gang kraze baryè a enstale yon klima laperèz nan zòn sa, kote kèk manb nan popilasyon an pat gen lòt chwa ke kite kay yo.

Yon lòt kote lapolis nan kap ayisyen, mete dòmi nan zye yon endividi ki se manb G-9 epi mete anba kòd Waldeck Orphilus, ki gen 22 lane, ak Joude Désir. Lapolis tap chèche mesye sa tankou chen fou. Fòs lòd yo sezi yon fizi kalib 12 ranpli ak katouch, epi konfiske 4 telefòn ki te nan men malfra yo.