Ovomaghaiti
Non classé

Yon jounalis ap resevwa menas anba men chèf gang Barbecue paske l te kritike yon jounalis etranje ki te pote kado pou chèf gang nan

 

Jounalis epi editè an chèf medya an liy Ayibopost la, Widlore Mérancourt, ap resevwa gwo menas anba men chèf gang barbecue daprè sa Luckson St Vil rapòte, li menm ki site komite k ap defann jounalis yo.

Nan yon videyo chèf gang nan te poste  nan dat 25 septanm 2024 la, li te deklare : « Map vin pou ou ! Make sa m di a ! Gen moun ou paka jwe avè l… Ou ka anndan douch lakay ou, epi yon machin kraze w ».

 

Bandi notwa a fè deklarasyon sa aprè yon atik Widlore Mérancourt ki denonse yon jounalis etranje ajans Reuters ki bay chèf gang nan plizyè kagoul, alkòl ak sigarèt.

 

Toujou daprè LSV jounalis Ayibopost la di li pè pou sekirite l e mande gouvènman ayisyen an pou pwoteje jounalis yo an Ayiti.

Related posts

Natcom : des clients dénoncent des pratiques abusives sur leurs forfaits

Ovo Mag Haiti

Le 3 août 1975, le Maroc a connu l’accident le plus meurtrier de son histoire.

Ovo Mag Haiti

Entre élection et représentant: des organisations œuvrant dans le secteur des Droits Humains exigent transparence dans le processus

Ovo Mag Haiti

Ayiti/ensekirite/26 ajan polis deja pèdi lavi yo anba bal

Ovo Mag Haiti

TITAN… La plus grande lune de Saturne.

Ovo Mag Haiti

*L’exploit footballistique nigériane (fin)*

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!