Ovomaghaiti
Actualités Aktyalite AYITI 🇭🇹

Yon pwofesè inivèsite leta ak yon polisye tonbe anba bal bandi nan atak ame bèlè kont solino

 

 

Solon Fortunat youn nan gran pwofesè inivèsite leta dayiti a tonbe anba bal bandi ame nan aprè midi jedi 7 septanm 2022 nan kafou peyan lokalite ki sitiye nan komin delma. Ansenyan Solon Fortunat, pran plizyè bal nan moman gwoup ame bèlè tap atake yon gwoup ame nan katye solino nan delma 24 ayè jedi a.

Profesè Solon Fortunat
Profesè Solon Fortunat 

Solon Fortunat te konn anseye nan fakilte syans yo ak lekòl nòmal siperyè nan inivèsite leta a. Nan menm atak sila polisye Willio Idoccy ki te soti nan 17e pwomosyon lapolis pa echape anba bal bandi bèlè. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou polisye Roulio resevwa yon pwojektil nan kaj torasik goch li.

 

Polisye Willio Idocy
Polisye Willio Idoccy

 

Depi mitan âne 2021 an, bandi pa sispann kouri dèyè popilasyon  nan zòn metwopolitèn nan, sòti matisan, pase kafou fèy, tonbe bèlè ak solino, pase pènye tonbe kwadèboukè rive kanaan ak site solèy se gang ki fè la lwa, fanm tankou gason, timoun tankou granmoun pa sispann kouri kite kay yo anba bal bandi pandan mouche leta ap founi zye gade, manm gouvènman an se pi gwo espektatè nan koken chenn seri ensekirite sa k ap fini ak popilasyon an.

 

Pwemye minis Ariel Henry, minis jistis la Emelie prophète, direktè lapolis la Frantz Elbé ki pwochen zòn n’ap kite pèdi anba van ensekite sa kap ravaje ayisyen ak ayisyèn parèy nou?

Related posts

La presse française accuse certains joueurs et supporteurs argentins de racistes

Ovo Mag Haiti

Plus de 600 000 morts en deux ans de guerre en Éthiopie

Ovo Mag Haiti

Le gouvernement de la Nouvelle-Zélande a investi 6,4 millions de dollars pour offrir un aide psychologique aux jeunes en rupture amoureuse!

Ovo Mag Haiti

Vwayaj òganize, yon estrateji kèk moun itilize pou fè lajan sou rezo sosyal yo

Ovo Mag Haiti

Bandi ame yo egzije anviwon 1 milyon goud ak 15 galon gaz sou chak kamyon pou gen aksè ak tèminal vare a

Ovo Mag Haiti

Harmonik annonce la sortie de son prochain album!

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!