Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

2 ansyen otorite salvadoryen kondane pou kolabosyon yo ak gang

 

Ansyen prezidan Peyi Salvadò Mauricio Funes, Kredi foto: Google
Ansyen prezidan Peyi Salvadò Mauricio Funes, Kredi foto: Google

Otorite jidisyè nan peyi Salvadò kondane pou 14 lane prizon ansyen prezidan peyi a Mauricio Funes, 18 lane pou ansyen minis jistis ak defans peyi a David Munguia pou kolabosyon yo ak gang pandan manda yo ki te kòmanse nan lane 2009 pou rive 2014.

 

« Nou te rive verifye de ansyen ofisyèl sa yo, ki te gen obligasyon pou pwoteje salvadoryen yo, te negosye lavi yo an echanj pou favè elektoral, nan aji tankou manm gang », se deklarayon pwokirè jeneral Rodolfo Delgado sou Twitter.

 

Ansyen chèf deta saldoryen an, ki te pran nasyonalite nikaragweyen nan lane 2019 k ap viv nan peyi Nicaragua voye jete byen lwen akizasyon sila. David Munguia te arete nan lane 2020 pou aranjman ilegal trèv ant bandi yo ak leta, yon fason pou te redwi krim yo nan peyi Salvador.

Aktyèl prezidan Peyi Salvadò a , Nayib Bukele crédit photo: Google
Aktyèl prezidan Peyi Salvadò a , Nayib Bukele crédit photo: Google 

Prezidan aktyèl peyi Salvador la Nayibe Bukele, te dekrete eta dijans sou tout peyi a, te rive mete anba kòd plis pase 68 mil prezime bandi, yon desizyon ki bese to kriminalite a nan peyi Salvador.

 

N ap raple gen plis pase 5 mil salvadoryen ki te arete nan operasyon kont gang ame ki jwenn liberasyon yo.

Related posts

Premier match, premier but et premier trophée pour notre prodige Corventina avec l’OL

Ovo Mag Haiti

Haïti/ Justice. Dossier M. Dorval.

Ovo Mag Haiti

Bientôt, vous n’aurez plus besoin d’installer Facebook Messenger

Ovo Mag Haiti

Partage des données: Whatsapp repousse la mise à jour de sa politique

Ovo Mag Haiti

Légalisation du cannabis en Allemagne

Ovo Mag Haiti

Selon madanm li, Jimmy Danger ap antere samdi 21 oktòb sa k ap vin la

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!