Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

Yon polisye disparèt ak 2 moun mouri anba bal jodi madi 30 me a nan komin kafou

 

 

Pi piti 2 moun pèdi lavi yo.

Wilson Orelus yon sitwayen ki nan karantèn mouri sou kabann lopital aprè li fin resevwa plizyè katouch nan lamaten 54 ak yon chofè moto li men’m mouri sou plas zòn bizoton.

FOTO polisye Occil Frantdy, ki disparèt.
FOTO polisye Occil Frantdy, ki disparèt.

Occil Frandy alyas Ti Bim se yon polisye ki sòti nan 26e pwomosyon lapolis la disparèt tankou yon kout zeklè jodi madi 30 me 2023 nan kafou swit a yon afwontman ant lapolis ak bandi ame nan bizoton komin kafou.

 

Daprè kèk abitan nan komin kafou, malfra yo tap sikile nan yon veyikil, yo pase nan zòn lamanten yo simen bal se la Wilson Orelus pran plizyè bal la. Lapolis te pouswiv yo jiska bizoton, nan boukante kout zam ak bandi yo, yon chofè moto tonbe polisye Occil Frandy ki bay tèt li non ti Bim disparèt nan lanati san konte lòt moun ki blese.

Related posts

Bientôt, vous ne verrez plus d’étoiles dans le ciel

Ovo Mag Haiti

Haïti / Grève/ La BSAC annonce trois (3) journées de grève dans le pays

Ovo Mag Haiti

Haïti/ Dialogue/LA RENCONTRE ENTRE LE PRÉSIDENT JOVENEL MOÏSE ET LE PRÉSIDENT DU SÉNAT S’EST ENFIN TENUE.

Ovo Mag Haiti

Education/Lancement des travaux de reconstruction d’un nouveau lycée à Pétion-ville.

Ovo Mag Haiti

Donald Trump vient d’être inculpé au pénal pour avoir acheté le silence d’une actrice porno

Ovo Mag Haiti

Votre compte Whatsapp risque d’être bloqué, si vous utilisez ces applications.

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!