Ovomaghaiti
Non classé

Ayiti/Refleksyon/Kisa 17 oktòb ta dwe di chak grenn ayisyen k ap respire ?

 

17 oktòb 1806-17 oktob 2024, 218 lane depi papa nasyon an ansasinen sou Ponwouj, san li pat gen chans mete pwojè reyèl ak rèv li te gen pou pèp sa-a an plas. Yon zak sasinay malonèt pwòp konpanyon batay li fè sou li ankò.

Men pou anpil moun 17 oktòb se sèlman yon jou konge, men an reyalite se pa sal ta dwe ye men pito yon jou pou chak grenn ayisyen nan kat kwen mond lan sonje a sakrifis san sila menm jan kretyen yo pa janm bliye fèt pak lan.

E meyè fason pou nou pa bliye dat 17 oktòb sa-a, se lè nou chak grenn ayisyen ini nou youn ak lòt kont ènmi komen nou genyen an ki se kolon nasyonal kou entènasyonal ki pa sispann mete nou anba jouk lesklavaj. Si se vre papa Dessaline te retire chenn lesklavaj nan pye nou, men kolon an fon jan li toujou kite l nan lespri nou pou nou pa anyen, e menm fè nou kwè nou pa anyen paske nou se neg nwè, poutan se pa vre. Dessalines te yon neg nwè men li te arive fè gwose eksplwa sila devan je le mond.

17 oktòb dwe raple nou nou se yon pèp ki fò, yon pèp ki fyè, yon pèp ki se manman libète e nou ede lòt moun goumen pou vin lib tou, yon egzanp pou tout pèp ki aspire viv lib.

17 oktòb se ta dwe jou pou n ap kontanple gwosè nèg sila ki se Jean Jacques Dessalines, yon nèg ki te annavans sou tan l, yon nèg ki pat dako mache tèt bese devan blan ki te pran nou pou bèt kote yon kolon gendwa lavi ak lanmò sou yon esklav, enflije l gwo sanksyon kòporèl kou fizik.

17 oktòb ta dwe yon jou de solidarite patriyotik pou chak pitit bout tè sa-a pou n komemore youn nan pi gwo jeneral nan istwa lame, si se pa pi gran an, pi gran estratèj mond sila pa janm konnen, se pa ta dwe jou pou n ap chire pit antre nou, pou fè papa a ta regret konba li te mennen an kote l ap repoze l lan.

17 oktòb dwe fè nou sonje se pa koulè drapo, se pa koulè po, se pa pozisyonnman jewografik nou ki fè nou se yon gran pèp men pito paske nou se premye pèp nwa ki libere anba kolon fransè, kote nou bat lame ki te pi pisan nan epòk lan pandan yo te pran nou pou vanipye pase dwa nou anba pye.

Pou fini, chak grenn ayisyen k ap viv kit isit kit lotbò dlo dwe pran konsyans nou pa gen peyi de rechanj, e si nou pa fon priz de konsyans pou nou leve ansanm n ap disparèt ansanm paske fòs nou nan linyon l ye, jan pawòl lan di l lan pise gaye pa kimen, fok Ayiti prime sou tout enterè mesken nou yo.

Pou OVOMAG : Stéphane EUSTACHE

Related posts

La prostitution une alternative pour certaines jeunes filles!

Ovo Mag Haiti

Donald Trump : « Les chrétiens aiment plus Israël que les juifs »

Ovo Mag Haiti

Mostbet Cell Phone App Və Bukmeker Şirkətinin Mobil Versiyası 292 Sayfa 2 Kocaağa Sigort

Ovo Mag Haiti

La mission multinationale en Haïti : un simple théâtre ?

Ovo Mag Haiti

Jules Koundé porte une jupe et fait parler de lui sous un autre angle sur la toile

Ovo Mag Haiti

#Urgent/Haïti/La police opère à Simon Pelé.

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!