Ovomaghaiti
Non classé

Ayiti/ Mobilizasyon: lapolis kraze premye manifestasyon kont pouvwa an plas lan

 

 

Nan sousi pou fè gouvènman Garry CONILLE lan souke kò l sou koze ensekirite an k ap vale tèren seryezman nan peyi an depi tijak potko pè, plizyè oganizasyon politik tankou Revèy nasyonal pou souvrènte ayiti, Jeantel JOSEPH ap dirije, ak blòk avoka angaje yo pou nou site sa yo sèlman, te lanse yon gwo manifestasyon jodi dimanch 11 dawout 2024 lan nan Pòtoprens pou te eksprime kòlè yo jan sa ap dewoule nan peyi an.

 

 

Li te aviwon 10 è nan maten kote kek dizèn Militan te reyini anba vyadik lan pou te pran pa ak mouvman yo ki pat fè twop resèt, kote ajan PNH yo te arive kraze mobilizasyon an nan delma 32 anba gaz akrimojèn pou te anpeche yo rive nan destinasyon final yo.

 

 

Se premye mouvman pwotestasyon ki genyen depi enstalasyon KPT an ak premye minis CONILLE nan tèt peyi an, mouvman sila yo make kòmansman yon gwo operasyon ki vize jete egzekitif tranzisyon an selon sa anyen direktè ANAP lan te fè konnen nan kad yon konferans vandredi 9 dawou kite sot pase an. Mr JOSEPH, rapouswiv pou li te mande sitwayen ak sitwayèn yo pou yo te pote kole ak mouvman sila, kote li pat nan woule lang li pou li te pale de volonte li di li genyen pou li ranvèse pouvwa an plas lan.

 

 

N ap raple selil antigang ki etabli selon arete 17 jiyè 2024 lan, enstore etadijans sekiritè sou plizyè zòn nan peyi an, kote jiskaprezan poko gen anyen ki regle pou rezoud koze ensekirite an ki pa sanble deranje twòp moun ki di y ap dirije leta yo.

 

 

Pou OVOMAG: Stéphane EUSTACHE

Related posts

How To Be Able To Play Craps In 4 Easy Steps Illustrate

Ovo Mag Haiti

Mostbet Tr Ile Spor Bahisleri ᐉ Türkiye’deki Mostbet Bahis Şirket

Ovo Mag Haiti

Спортивные Ставки И Коэффициенты Онлай

Ovo Mag Haiti

Best On The Internet Roulette Casinos 2024 Real Money Different Roulette Games Onlin

Ovo Mag Haiti

The Largest Casino Accommodations In The Us 10 Largest All Of Us Casino

Ovo Mag Haiti

Donald Trump deklare imigran yo manje chyen ak chat ameriken yo nan Springfield

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!