Ovomaghaiti
Non classé

Ayiti/ Politik: Ki kote ansyen senatè Guy PHILIPPE pase ak revolisyon li t ap pwone an?

Depi plizyè mwa aprè demisyon ansyen lokatè primati an, doktè Ariel HENRY, anpil manm nan popilasyon an ap mande ki kote Guy PHILIPPE ak revolisyon li t ap pale an pase.

 

Jou jedi ki te 30 novanm 2023, ansyen senatè eli nan eleksyon 2016 yo te retounen nan peyi a  abò yon avyon immigration and Customs enfoncement  (ICE) ki te dekole depi Alexandria nan Louisiane a 5 è 57 nan maten e rive nan ayopò Toussaint LOUVERTURE a 9 è 49 ak yon dizèn lòt ayisyen yo te depòte tou.

 

Chef rebèl ki te kondi a ranvèsman ansyen prezidan Aristide sou pouvwa pat gen lot ide ki t ap boujonnen nan tet li aprè revolisyon,  kote l t ap mache pale ak plizyè manm nan popilasyon nan plizyè komin nan sousi pou te fè yo ede l pote kole ak lide revolisyon li an, kote li te panse se yon revolisyon sèlman ki ka soti peyi an nan sa l te ye an, anba men gang a zam e gang a vès tou nan peryod sa-a.

 

Fok nou di te gen anpil moun nan popilasyon ayisyèn nan ki te kwè nan lide revolisyon ansyen eli an t ap pwone, tou  kòm genyen ki pat bay sa twòp enpotans parapò ak aksyon Guy PHILIPPE  te poze nan ane 2004 yo.

 

Ebyen plizyè mwa pase, apre depa Ariel anpil moun konstate revolisyonè an disparèt sou rada politik ayisyen an, pa gen okenn moun ki konn kisa l ap regle,  kisa l ap prepare,  eske li bay revolisyon an vag?

 

Pou anpil moun ki te kwè nan lide ansyen polisye an t ap veyikile an, se tankou yo santi yo abandone aprè mouvman yo te deja reyalize soutou pou te ranvèse ansyen PM Ariel HENRY.

 

N ap fè konnen anpil moun avize nan sosyete an te atribiye mouvman revolisyon sila yo ak gang,  paske anpil nan yo te kwè se presyon gang ki te koz Ariel HENRY paka antre nan peyi an, mete sou sa gwo tole ki te gen sou koze amnisti pou gang yo ki t ap pale, sa kite fè nan peryod lan, gang yo te vin pran plis konfyans toujou nan bay Leta ak lapolis bout tèren sou teritwa a, soutou nan zòn metwopolitèn nan kote Channmas, zone lopital jeneral, pou n site sa yo te tounen zòn lagè preske chak jou ant fòs lòd yo ak bandi yo, kote pou jiskaprezan anpil kote anba lavil lan poko ka reprann eskanp figi yo kòrekteman.

 

Gwo kesyon k ap poze se eske revolisyon sila Guy PHILIPPE t ap domi reve chak jou an, se te jis pou jete moun kite sou pouvwa an plas lan, oswa se te pou pote yon chanjman reyèl nan kondisyon lavi pèp lan?

 

Pou OVOMAG : Stéphane EUSTACHE

Related posts

*Haïti/ Opinions/témoignages : à quand la fin du blâme des cheveux crépus ?*

Ovo Mag Haiti

« najlepsze Giełdy Zakładów Sportowych Porównanie I Rankin

Ovo Mag Haiti

Türkiye’nin En İyi Online Bahis Şirket

Ovo Mag Haiti

Alexeï Arkhipovitch Leonov celèbre astronaute russe !

Ovo Mag Haiti

7 juillet 2005 à Londres!

Ovo Mag Haiti

« 1xbet 앱1xbet 모바일 ᐉ 1xbet Apk안드로이드 & 아이폰를 다운로드하세요 ᐉ 1xbet Co

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!