Ovomaghaiti
Non classé

Ayiti/edikasyon : Plis pase 183 mil elèv patisipe nan egzamen ofisyèl 9è ane

 

Egzamen ofisyèl yo pou klas 9e ane te komanse lendi 22 jiyè 2024 lan sou tout teritwa nasyonal lan, se anviwon 183 142 kandida, 2777 etidyan mèt lekòl nòmal ak jadinyè (ENIJE) ak 451 aprenan sant edikasyon sosyal ki te patisipe.

Se nan sousi sa-a nou t al fon founi je gade nan youn nan sant egzamen yo ki se lekol La citadelle, ki twouve l sou wout Kanapevè an anndan kano. Elèv yo di yo satisfè de 2 premye jou egzamen yo jiskaprezan, yo pa gen twòp bagay pou yo deplore paske egzamen an pat di pase sa, e epwèv yo chita sou pwogram yo te wè nan klas yo diran ane eskolè 2023-2024 lan. Nan sant sila, selon yon responsab, gen anviwon 500 timoun ki patipe nan egzamen yo.

Si se vre anpil postilan di yo satisfè de dewoulman egzamen yo jiskaprezan, konsa gen lot ki fè ti plenyen akoz de kantite tan yo di yo bayo an ki twò piti sa ki pèmèt yo pa gentan fin reponn ak tout kesyon yo, men yo rete kwè y ap fini pa reyisi.

 

N ap raple, ane lekòl sila te gen anpil tibilans akoz de ensekirite a, sltou nan rejyon metwopolitèn
Potoprens lan kote gang yo pa sispann bay leta kwa manman l ak kwa papa l.

Pou OVOMAG: Stéphane EUSTACHE

Related posts

Mostbet Giriş, Mostbet Yeni Ve Güncel Giri

Ovo Mag Haiti

Un film retraçant la vie de Charles Aznavour sortira au cinéma le 23 octobre prochain

Ovo Mag Haiti

Combien de temps peut-on survivre dans l’espace sans combinaison ?

Ovo Mag Haiti

Squid Game: Netflix supprime certaines scènes dans la série

Ovo Mag Haiti

Compañía De Apuestas Apuestas Deportivas Online 1xbet ᐉ 1xbet Co

Ovo Mag Haiti

Ayiti/ Edikasyon: dezyèm jounen egzamen NS4 yo dewoule san ensidan grav ensidan

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!