Ovomaghaiti
Non classé

Gresye: 23 fanm ki te kidnape jwenn liberasyon yo, 70 bandi tonbe, selon Vladimir Bertrand

 

Nan kad operasyon plizyè inite nan polis nasyonal lan tankou Utag ak swat ap mennen nan Gresye, gen omwen Venntwa (23) fanm bandi te kidnape epi vyole, fòs lòd yo arive libere, se sa ajan egzekitif enterimè komin lan, Vladimir Bertrand rapòte sou ond radyo Karayib yè mèkredi 24 jiyè 2024 lan.

Medam sa yo, bandi te kidnape yo sa gen plizyè jou pandan yo t ap travèse lokalite an toujou daprè majistra a. Premye sitwayen vil lan rapouswiv pou l di gen swasanndis (70) bandi ki gentan fè vwèl pou peyi san chapo, se twou li oblige fouye pou l met kò yo. Li fè konnen ajan lòd yo rekipere plizyè zam, men lapolis li menm poko bay yon kominike ofisyèl sou operasyon sila.

 

N ap raple jodi jedi 25 jiyè an fè yon mwa depi fòs miltinasyonal lan pile sòl lan, jiskaprezan pyès moun paka di ki aksyon konkrè yo poze nan peyi an. Okontrè neg ak zam yo kontinye ap opere san okenn krent, Potoprens kou nan Latibonit.

 

Pou OVOMAG: Stéphane EUSTACHE

Related posts

Un rappeur français a couru 24 heures non-stop, un défi qu’il s’est lancé pour la sortie de son album

Ovo Mag Haiti

Le raid d’Entebbe : chance ou coup de génie ?

Ovo Mag Haiti

Burj Khalifa… Le gratte-ciel le plus haut de la Terre, en chiffres !!!

Ovo Mag Haiti

Alcibiade un comédien immortel!

Ovo Mag Haiti

Jules Koundé porte une jupe et fait parler de lui sous un autre angle sur la toile

Ovo Mag Haiti

Le président Joe Biden justifie le retrait de sa candidature

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!