Ovomaghaiti
Non classé

Ayiti/ Edikasyon: dezyèm jounen egzamen NS4 yo dewoule san ensidan grav ensidan

 

Depi yè 5 jiyè 2024 lan egzamen pou klas tèminal yo komanse sou tout teritwa nasyonal lan, kote anviwon 121 006 kandida pran pa nan epwèv sila yo, kote yo repati konsa anviwon 109 453 pou nouvo segondè sa nou rele kouramman NS4 lan, 10 734 pou bak pèmanan epi 819 pou filo tradisyonèl yo. Se depatman lwès lan ki pote lamayòl ak plis kandida kote plis pase 48 000 timoun al konpoze.

 

Nan lise nasyonal Petyonvil (LNPV) plizyè postilan nou te rankontre fè ti plenyen parapò ak kèk siveyan yo di ki pa a la wotè de atant yo nan sal egzamen yo, kote yo mande ministè an pote plis atansyon ak moun  l ap chwazi pou vin siveye nan egzamen yo.

Gen kèk lot ki plenyen tou sou kèk tèks tankou filozofi yo di kite di e yo pat ba yo ase tan pou yo te konpoze.

 

Malgre jan ensekirite an kontinye ap vale tèren nan rejyon metwopolitèn nan, egzamen sila yo ap dewoule nan yon konteks kote leta te dekrete etadijans sekiritè nan 10 komin nan Potoprens lan ak latibonit,  menmlè pako gen anyen vreman ki regle pou ensekirite an ki kontinye rete yon adikap pou egzamen sila yo nan kek zòn.

 

N ap raple nan komin Gantye, egzamen sila yo pa rive fèt akoz vyolans gang 400 mawozo, ki pa sispann simen latwoublay kote yo mete dife nan dwan, e boule yon machin blennde pou lapolis, kote plizyè sitwayen ak sitwayèn oblije kouri kite komin nan pou al refijye yo lot kote.

 

Kesyon k ap poze se ki estrateji ministè edikasyon nasyonal pral mete an plas pou relokalize elèv sa yo ki pedi egzamen yo nan gantye?

 

Pou OVOMAG: Stéphane EUSTACHE

Related posts

Donald Trump : « Les chrétiens aiment plus Israël que les juifs »

Ovo Mag Haiti

Chine VS Hong kong retour en 1985!

Ovo Mag Haiti

Un rappeur français a couru 24 heures non-stop, un défi qu’il s’est lancé pour la sortie de son album

Ovo Mag Haiti

Carrefour-Feuilles: une zone livrée à elle même

Ovo Mag Haiti

Ayiti/ Politik: Ki kote ansyen senatè Guy PHILIPPE pase ak revolisyon li t ap pwone an?

Ovo Mag Haiti

Pri pwodui alimantè yo monte tèt nèg!

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!