Ovomaghaiti
Actualités Aktyalite AYITI 🇭🇹

Ansyèn Miss Ayiti a, Sarodj Bertin resevwa anpil menas paske l soutni Ayiti nan dosye konstriksyon Kanal la

 

Nan yon videyo mannken, chantèz la poste sou rezo sosyal yo epi jounal dominiken an Diario libre rapòte. Li deklare, li resevwa anpil menas apre li te fin pote soutyen li bay peyi li Ayiti nan kad konstriksyon Kanal k ap fèt sou rivyè Masak la.

Sarodj Bertin, crédit photo @sarodj
Sarodj Bertin, crédit photo @sarodj

« Verite a sè ke mwen te resevwa plizyè atak, mwen pa blame yo paske mwen konprann yo ap pale ak emosyon nan moman an. Mwen panse dlo yo trè move sou tou de bò yo e sa mwen vle rele pou nou kalme, toleran ak respè (…), paske malgre nou gen opinyon diferan, sa pa vle di nou dwe derespekte youn lòt, » sa se deklarasyon Sarodj Bertin ki retransmèt pa jounal dominiken an.

Capture d'écran d'un post de Diario Libre
Capture d’écran d’un post de Diario Libre

 

Anba pòs Diario Libre a sou Instagram, atak yo te kontinye sou ansyèn Miss la, nou ka li kòmantè sa de yon abone jounal la ki mande pou dekrete atis la pèsonalite nungrata an repiblik dominikèn et yon lòt ki mande tout dominiken pou yo sispann swiv Sarodj sou rezo sosyal yo a koz pozisyon l.

Related posts

Plis pase 54 moun mouri nan inondasyon ak nan tranblemanntè daprè bilan pasyèl direksyon pwoteksyon sivil pou mitan jounen madi 6 jen 2023 a

Ovo Mag Haiti

P. Diddy devient le troisième rappeur milliardaire

Ovo Mag Haiti

Kodak Black vle prezidan peyi Dayiti pou met fen ak koripsyon

Ovo Mag Haiti

Lapolis arete 2 manm gwoup gang 400 mawozo

Ovo Mag Haiti

Haïti insécurité: une mère et son bébé tués par balles à bord d’un mini bus à Ganthier.

Ovo Mag Haiti

Ariel Henry pwomèt konstriksyon kanal la ap kontinye

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!