Ovomaghaiti
AktyaliteAYITI 🇭🇹

Ayiti/ Kidnapping/Nèg a zam kidnape yon pwofesè

 

Samdi kite 20 jiyè 2024 lan, neg a zam pèsòn pa arive idantifye kidnape pwofesè Rony Jean Jacques pandan lap sot fè kou pou timoun NS4 nan yon lekol Delma 31.

Madanm li fè konnen bandi yo mande l gwo kòb ameriken pou ta libere pwofesè an, dam nan ale pi lwen pou l di kòb bandi yo mande a li pa kwè ni li ni mari l ap ka posede l menm si yo ta fè tout rès vi yo ap travay, li rapouswiv pou li mande mesye ki anlve mari l yo pitye, fè pwofesè an gras pou li paske lajan sa yo mande an, fanmi an pap ka jwenn li, e pwofesè Jacques kite l depi samedi an ak 3 timoun nan men l ki pa goute dlo frèt.

Si se vre fòs etranjè an antre nan peyi a, gen chanjman ki opere nan tèt lapolis lan, men sak pa chanje se egzaksyon bandi yo sou popilasyon sivil lan kap monte lesyèl pa do anba men zago loray yo.

N ap souliye se pa selman rejyon metwopolitèn Potoprens lan bandi yo ap feraye, nou ka site nan Latibonit presizeman nan Savyen ak nan komin Pilat kote malfra yo ap frape san gran sousi.

Kesyon k ap poze se jiskilè abraram ap di sètase pou malere ak malerèz anba men neg a zam, ki pa sispann fè yo vann ti sa yo pat menm genyen pou peye ravisè?

Pou OVOMAG: Stéphane EUSTACHE

Related posts

Lame dominikèn arete yon ayisyen ki fè tèt li pase pou solda dominikenn

Ovo Mag Haiti

Les Bahamas prêts à soutenir la sécurité en Haïti : Un déploiement planifié pour contrer l’insécurité croissante

Ovo Mag Haiti

Mèkredi 20 septanm sa ap konje

Ovo Mag Haiti

Daprè Izolan jèn rapè G Shytt la Asap jexus mouri tout bon vre

Ovo Mag Haiti

Lapolis dominikèn arete yon ayisyen apre yon videyo kote yo jije l manke prezidan dominiken an dega

Ovo Mag Haiti

Lapolis frape fò nan depatman Grandans, 9 prezime bandi mouri ak 4 lòt soti blese, plizyè lòt anba kòd

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!