Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

DCPJ mete yon avi rechèch dèyè yon kad nan ministè finans ak ekonomi pou enplikasyon prezime li nan trafik zam ak minisyon

DCPJ mete yon avi rechèch dèyè yon kad nan ministè finans ak ekonomi pou enplikasyon prezime li nan trafik zam ak minisyon

 

 

Direksyon santral Polis jidisyè DCPJ ap chèche tankou chen fou Johnny Docteur, ki se yon kad nan ministè finans ak ekonomi pou trafik zam, blanchiman lajan, frod fiskal, evazyon fiskal elatriye.

Daprè nòt enstitisyon polisyè a pibliye jodi dimanch 28 me a, avi rechèch sa vini nan kad ankèt sou dosye kagezon zam ak minisyon legliz epikopal Dayiti enplike ladan l. DCPJ deja mete anba kòd plizyè endividi nan kad dosye sa.

 

Daprè yon twit Radio tele

Metronome, Johnny Docteur, ta gentan lage pye li depi vendredi 19 me 2023 a, men avan li kite peyi a, otorite jidisyè yo te lokalize Johnny plizyè fwa nan Jivena ak Bèlvil kay yon ansyen palemantè, epi kay yon aktyèl minis nan gouvènman an.

 

Leta ki gen misyon pou l pwoteje souverènte peyi a, kreye yon klima sekirite, poutan anndan leta sa, gen endividi ki enplike jouk nan zo nan trafik zam ak minisyon.

Related posts

Koup ayisyano ameriken bandi te kidnape a jwenn liberasyon

Ovo Mag Haiti

Kethna Louis dépose ses valises à Montpellier

Ovo Mag Haiti

Affrontements entre policiers et civils armés: la ville des Gonaïves continue d’enregistrer des victimes.

Ovo Mag Haiti

Threads est le nom du nouveau réseau social de Mark Zuckerberg

Ovo Mag Haiti

Ayiti: Yon nouvèl inite elit pou goumen kont gang

Ovo Mag Haiti

Haïti/ Kidnapping: les cas d’enlèvement sont redevenus les soucis de la population

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!