Ovomaghaiti
Non classé

Gen plent ki depoze kont 3 manm konsèy prezidansyèl la pou koripsyon

 

Selon sa radyo télé Métronome rapòte jodi jedi 25 jiyè 2024 lan, gen yon plent fòmèl ki deja depoze bò kot ULCC kont twa (3) manm nan konsèy prezidansyèl lan sou akizasyon yo ta mande 100 milyon goud a aktyèl prezidan konsèy administrasyon BNC an pou yo ta kite l nan pòs li, se sa yon sous nan ULCC konfime medya a.

 

Si se vre depi lè yo enstale yo poko regle anyen ki serye nan peyi an, men deja gen anpil anpil rimè k ap sikile sou integrite sèten manm konsèy la, sòti nan dekese pil kòb pou achte machin blennde pou yo woule rive sou koze sila, manm konsèy tranzisyon 9 tèt lan pa enspire ti pèp lan twòp konfyans nan ajisman yo nan peyi an.

 

N ap raple selon menm sous sa Métronome fè konnen sèvis konpetan yo deja sezi de dosye an pou bay avi yo a direksyon jeneral lan, ki dwe konnen si l ap nesesè pou yo ouvri yon ankèt kont twa(3) manm sa yo pou dwèt long siperyè.

 

Gwo kesyon k ap poze eske ULCC pral arive vini ak pwèv pou montre mesye yo t ap benyen nan koripsyon vre, jan rimè an ta vle fè kwèl lan??

 

Pou OVOMAG: Stéphane EUSTACHE

Related posts

Haïti/ Dénonciation/UN EMPLOYÉ DU SÉNAT DÉNONCE L’ADMINISTRATION.

Ovo Mag Haiti

Haïti/Mobilisation/L’opposition annonce la reprise de la mobilisation pour le 14 février.

Ovo Mag Haiti

3 prezime bandi mouri jodi mèkredi 21 jen 2023 a nan Petyonvil

Ovo Mag Haiti

Mostbet Casino, Mostbet, Mosbet, Mostbet Bd, Mostbet Casino Within Bangladesh Mostbet On-line Betting, Mostbet Terme Conseillé Line, Mostbet Terme Conseillé Bonuses, 34

Ovo Mag Haiti

Запрет На Рекламу Букмекеров И Онлайн-казино%3A Мажилис Принял этот Закон%3A 05 июня 2024 11%3A 0

Ovo Mag Haiti

Guerre Ukraine-Russie : bombardement meurtrier de la Russie sur Kiev

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!