Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

Youn nan otè entèlektyèl asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse yo kondane pou lavi nan prizon Etazini

Rodolphe Jaar kondane pou pase tout rès vi li nan prizon pou enplikasyon li nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse ki te asasine nan rezidans prive li nan pelerin 5 nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021. Se jij federal nan miami José E. Martinez ki pwononse santans ansyen òm dafè ayisyen an jodi vandredi 2 jen 2023 pou wòl Jaar te jwe nan krim sila.

Roodolphe Jaar, Kredi foto: Google
Roodolphe Jaar, Kredi foto: Google

Ansyen enfòmatè DEA a te jwenn arestasyon li jou ki te vandredi 7 janvye 2023. Ayisyano chilyen an ede gwoup kolonbyen jwenn zam ak minisyon pou yo asasine 58e prezidan peyi dayiti an sou pouvwa.

Ansyen prezidan Jovenel Moise Kredi Foto: Haïtiliberte
Ansyen prezidan Jovenel Moise Kredi Foto: Haïtiliberte

N’ap raple plizyè lòt moun te jwenn arestasyon yo nan kad dosye sa, kèk nan yo nan prizon Etazini e lòt yo an ayiti. Youn nan gwo sispè dosye sa ki se Joseph Félix Badio toujou an kaval.

Related posts

Elon Musk suspend le rachat de Twitter!

Ovo Mag Haiti

On vient de survivre à la semaine la plus chaude jamais enregistrée sur terre

Ovo Mag Haiti

Harmonik annonce la sortie de son prochain album!

Ovo Mag Haiti

Votre compte Whatsapp risque d’être bloqué, si vous utilisez ces applications.

Ovo Mag Haiti

Les Bahamas prêts à soutenir la sécurité en Haïti : Un déploiement planifié pour contrer l’insécurité croissante

Ovo Mag Haiti

Fiziyad nan Kanapevè 2 moun mouri ak plizyè lòt blese

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!