Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

3 prezime bandi fè vwèl pou peyi san chapo nan echanj kout bal ak lapolis nan Grandans

 

Dyendi Mortune, Alex Neptune ak Steevenson François, se non 3 prezime bandi ki tonbe anba bal lapolis nan boukante kout zam nan depatman Grandans. Daprè fòs lòd yo, endividi a yo te fè pati plizyè gwoup gang nan kapital la, men ki tal pran refij yo nan depatman Grandans lan.

 

Depi yon semèn pèp la marye ak lapolis nan objektif pou deboulonnen bandi. Bwa kale, se nouvo eslogan pèp la itilize pou mete bandi nan wòl yo. Soti nan Lwès pase nan Latibonit, tonbe nan Nip pou rive Grandans, nan bouch popilasyon an se bwa kale.

 

 

Nan yon diskou ki difize jodi lendi pwemye me a nan okazyon fèt travay ak agrikilti, pwemye minis Ariel Henry, mande pou popilasyon an travay men nan men ak lapolis pou arete bandi epi jije yo. Newochirijyen an ki pa dakò ak bwa kale an, men li fè konnen li konprann kolè popilasyon fas ak bandi yo. Chèf primati a felisite polisye yo pou deteminasyo yo genyen pou retabli lòd nan peyi an.

Related posts

Les prix des produits de première nécessité connaissent une remontée!

Ovo Mag Haiti

Lapolis konfime lanmò chèf gang Ti makak nan yon konferans pou laprès jodi lendi 24 avril la

Ovo Mag Haiti

2 prezime bandi mouri jodi lendi a nan Petyonvil

Ovo Mag Haiti

Le photojournaliste Jhony Spenser François victime d’un kidnapping

Ovo Mag Haiti

Arriel Henry s’endort en plein milieu de la réunion des Nations Unies

Ovo Mag Haiti

La Police Nationale française utilise des motos BMW, la PNH reçoit 17 motos Boxer de l’Ambassade de France

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!