Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

Koup ayisyano ameriken bandi te kidnape a jwenn liberasyon

 

 

Jean-Dickens Toussaint ak madan’m li, Abigail Toussaint jwenn liberasyon yo jodi jedi 13 avril 2023 a kont ranson. Ravisè yo te mande 6000 dola US pou libere madan’m nan ak mouche l, men aprè vèsman sila, malfra yo te deside kenbe mesye dam yo epi ogmante pri pou libere yo a 200,000 dola US pou yo chak. Se bandi nan zòn matisan ki te kidnape yo.

 

Jean-Dickens Toussaint ak madan’m li, Abigail te kidnape jou ki te 18 mas ki sot pase a, yo te fòse mesye dam yo desann nan bis yo te ye an, epi ale avèk yo. Liberasyon koup sa vini aprè vèsman yon fòt sòm lajan pa pwòch viktim yo.

 

Nap raple, Jean-Dickens Toussaint ak madan’m li, Abigail Toussaint se 2 sitwayen ameriken. Daprè plizyè medya ameriken, depatman deta te deklare yo okouran de disparisyon yo sou sòl Ayiti an.

Related posts

Sendika transpò komen yo anonse 3 jou grèv

Ovo Mag Haiti

Haïti/ Justice. Dossier M. Dorval.

Ovo Mag Haiti

Lapolis lanse gaz lakrimojèn sou moun yo ki t ap fwi vyolans gang devan Anbasad amerikèn lan

Ovo Mag Haiti

Le gouvernement met-il des pions ?

Ovo Mag Haiti

Popilasyon Petyonvil la touye epi boule pi piti 7 prezime bandi jodi madi a

Ovo Mag Haiti

Haïti/Politique/Entente entre Moïse Jean Charle et le reste de l’opposition.

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!