Ovomaghaiti
AktyaliteAYITI 🇭🇹

Repiblik dominikèn entèdi Pierre Espérance, Youri LaTortue ak kèk lòt pèsonalite rantre sou teritwa li ya

Venancio A. Valdez ki se direktè jeneral imigrasyon repiblik dominikèn nan, resevwa lòd fòmèl nan men prezidan dominiken an Luis Abinader, ki entèdi ak tout sitwayen ayisyen ki tonbe anba sanksyon kanada ak etazini pile sol dominikèn nan.

 

Minis defans teritoryal dominikèn nan remèt yon lis byen long a direktè jeneral imigrasyon an pami non moun ki nan lis sa nou jwenn plizyè ansyen senatè tankou Youri Latortue, Garcia Delva, Antonio Cheramy (Don KTO). 2 Ansyen prezidan chanm depite Garry Bodeau ak Jean Tolbert Alexis, dirijan RNDDH la Pierre Espérance ak aktyèl majistra petyonvil la Kesner Normil epi chèf gang laboul 12 la ti makak pou’n site sa yo sèlman. Pa gen okenn non ansyen prezidan ki sanksyone yo ki figire nan lis sa.

 

Nap raple prezidan Abinader, pran desizyon sa apati sanksyon kanada ak etazini pran kont kont kèk sitwayen ayisyen, ki nan tete lang ak gang e kap finanse asosyasyon malfektè.

Related posts

Haïti / Grève/ La BSAC annonce trois (3) journées de grève dans le pays

Ovo Mag Haiti

Selon RNDDH chèf gang Vitelhomme, se pwason kraze nan bouyon ak wo grade lapolis la melanje ak gouvènman an

Ovo Mag Haiti

Yon pwofesè inivèsite leta ak yon polisye tonbe anba bal bandi nan atak ame bèlè kont solino

Ovo Mag Haiti

Yon nouvo avi rechèch kont Izo

Ovo Mag Haiti

Plizyè bandi Kanaran jwenn lanmò yo nan vil Gonayiv jodi samdi 13 me 2023 a

Ovo Mag Haiti

3 gwo òm dafè tonbe anba sanksyon peyi Kanada pou lyen yo genyen ak gang an Ayiti

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!