Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

Gouvènman an redwi sou pri prodwi petwolye yo

 

Nan yon nòt ki pote siyati minis finans ak ekonomi an, Michel Patrick BoisVert an kolaborasyon ak minis komès ak endistri a Ricardin Saint Jean ki pibliye nan dat 14 jiyè 2023 a, 2 ministè yo fè konnen ak tout popilasyon an pri pwodwi petwolye yo bese, 560 goud pou yon galon gazolin, 620 goud pou yon galon dizel, 615 goud pou kewozèn.

Nòt ministè komès e ministè finans
Nòt ministè komès e ministè finans

Yo retire 10 goud sou gazolin nan, 50 goud sou dizel ak kewozèn lan. Daprè nòt sa desizyon sa yo ap kòmanse aplike nan dat 20 jiyè kap vini la.

 

Daprè chif ki disponib sou dosye gaz nan echèl entenasyonal la, baril gaz la te vann 130 dola ameriken, pou kounya li vann 80 dola. Nap raple dekrè 9 mas 1995 lan di depi pri yo bese laba a plis ke 5 % gaz la dwe desann sou mache lokal la a plis ke 5% tou, men gouvènman Ariel Henry a inyore totalman atik 3 nan dekrè sila.

 

Anderson Charles

Related posts

* L’ homme d’affaires Dimitri Vorbe et sa femme arrêtés à Miami*

Ovo Mag Haiti

Messi signe à l’Inter Miami aux États-Unis

Ovo Mag Haiti

6 manm baz gang 5 segond ki dirije pa izo, anba kòd lapolis nan depatman nip

Ovo Mag Haiti

Port-au-Prince demande à Moscou de mettre fin à la guerre en Ukraine!

Ovo Mag Haiti

LeBron James ne prendra pas sa retraite cet été

Ovo Mag Haiti

Haïti/incendie : Une station à essence incendiée à Bon Repos

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!