Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

Ayiti/ensekirite/Gang ak zam pa sispann taye banda nan Pilat

 

Depi kek jou moun nan Pilat, yon ti komin nan depatman nò peyi an, pa konn ki sen pou yo rele tèlman bandi pa sispann teworize yo, yon komin ki te byen pezib vin ap tounen depi kek tan youn pami pil teritwa pèdi nou deja genyen yo.

Ayè vandredi 19 jiyè 2024 lan zago loray kidnape omwen sis (6) moun, pami yo yon enspektè ministè edikasyon nò, Saintil Raphaël JEAN pandan li tap soti Okap nan yon kamyonèt ak tout fich egzamen 9e yo. Kidnapè yo mande 100 mil dola pou libere l.
Yon zak ki lage gwo kè sote bò kote paran ak elèv ki gen pou al konpoze lendi 22 jiyé a k ap vini la.

Manm popilasyon an rele sekou otorite lapolis nan nò yo, pou ba yo on souf anba men sanfwa ni lwa k ap opere nan 8e seksyon Mago kote yo deja komèt plizyè egzaksyon sou moun nan komin sila.

Pou OVOMAG: Stéphane EUSTACHE

Related posts

« Renesans », le nouveau projet de Tikawo Trafik sort bientôt

Ovo Mag Haiti

Vwayaj òganize, yon estrateji kèk moun itilize pou fè lajan sou rezo sosyal yo

Ovo Mag Haiti

Honduras : plus de 40 personnes tuées dans une prison

Ovo Mag Haiti

Manchester City maîtrise le Bayern de Munich et rejoint le Real en demi-finale de la Ligue des champions

Ovo Mag Haiti

Haïti/ Drame : L’explosion d’un bateau coûte la vie à de nombreux citoyens

Ovo Mag Haiti

La Cour pénale internationale lance un mandat d’arrêt contre Poutine

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!