Ovomaghaiti
Non classé

Ayiti/ Politik: Blòk avoka angaje an anonse yon manifestasyon pou dimanch 11 dawout lan

 

Blòk avoka angaje yo ak alye yo pat mete dlo nan bouch yo pou yo kritike dirijan yo fas ak kondisyon malè pandye pèp lan ap fè fas depi yon bon bout tan, nan yon konferans pou laprès avanyè jedi 8 dawou 2024 lan nan Delma.

 

 

 

Nan objektif pou fè pouvwa an plas lan souke kò l sou koze ensekirite an k ap kontinye vale tèren, blòk la anonse yon gwo manifestasyon pou dimanch k ap 11 dawout lan.

 

 

 

Mèt Caleb JEAN-BAPTISTE, ki se kowòdonatè jeneral kowalisyon sila pat peze mo li pou li te pale de KPT an li di ki se yon bann espekilatè ki pran kontwòl konsey prezidansyèl tranzisyon an ki pase anba pye valè konstitisyonèl yo e kite peyi an ap depafini chak jou pi plis,
li kontinye pou li di dirijan yo se bèl pwomès y ap fè pandan peyi an kontinye ap desann nan lanfè nan je tout moun.

 

 

 

Avoka a lanse yon apel bay tout sitwayen angaje espesyalman polisye yo pou yo pran pa nan manifestasyon dimanch 11 lan pou esprime kòlè yo parapò ak kondisyon travay yo, yon lòt bò avoka a pale sou enpotans ki genyen pou ta ogmante salè polisye nasyonal yo ak avantaj yo te genyen konparativman ak polisye kenyan yo kote prezans yo nan peyi an poko parèt efikas ditou.

 

 

Pou OVOMAG : Stéphane EUSTACHE

Related posts

Le gouverneur républicain se prononce en faveur des migrants haïtiens

Ovo Mag Haiti

Cristiano Ronaldo trouve injuste que Vinicius n’ait pas remporté le Ballon d’Or

Ovo Mag Haiti

Alcibiade un comédien immortel!

Ovo Mag Haiti

Nous avons tous les mêmes ancêtres, et ils étaient NOIRS, et africains.

Ovo Mag Haiti

Le jeune chanteur Prag en concert le 22 mars

Ovo Mag Haiti

Hadéen… Quand la Terre était un véritable enfer

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!