Videyo prezime bandi yo kap boule, kredi videyo: Passion Plus
14 endividi ame mouri anba flanm dife byen bonè jodi lendi 24 avril la nan zòn Kanapevè. Daprè yon sous polisyè, malfra sa yo te nan yon bis kap soti Petyonvil ki al kwaze bab pou bab ak yon bakòp polis nan kanapevè ki tap fè tchèk sou kèk machin.
Videyo lapolis ki entèsepte 14 prezime bandi nan kanapevè
Lapoula polisye yo dekouvri yon valiz ki chaje zam ak minisyon, anpil nan zam sa yo tou chaje. Popilasyon an ki te vrèman an kolè boule tout 14 mesye bandi sa yo. Mesye sa yo te gen misyon pou al ranfòse yon gwoup gang ki te deja etabli katye jeneral li nan zòn sa depi kèk tan kap teworize popilasyon an.