Ovomaghaiti
Actualités Aktyalite AYITI 🇭🇹

Plis pase 40 prezime bandi mouri nan Pòtoprens

 

Pou piti 49 prezime bandi jwenn lanmò yo ayè lendi 24 avril la nan 2 katye ki sitiye nan Pòtoprens. Se popilasyon nan zòn kanapevè, Debisi ak Tijo ki pase envidi sa yo alenfinitif. Daprè konsta jounalis repòtè nou Anderson, 14 kò san vi boule nan zòn kanapevè, 35 lòt nan zòn Debisi.

Foto yon moun popilasyon an brile yo akizel de bandi, Kredi Foto : RFM 104.9
Foto yon moun popilasyon an brile yo akizel de bandi, Kredi Foto : RFM 104.9

Malfra sa yo tonbe ayè lendi 24 avril la. N ap raple depi nan sware samedi 22 pou rive ayè lendi a, anpil kout zam tap chante nan zòn Tijo, Pako, ak Debisi kote bandi te anvayi zòn sa yo nan objektif pou gen kontwòl yo. Abitan Tijo yo mande ak tout popilasyon ayisyèn nan pou yo mache pran bandi k ap simen latwoublay nan sosyete an.

Premye minis Ariel Henry, crédit photo : Google
Premye minis Ariel Henry, crédit photo : Google

Pwemye minis Ariel Henry, aplodi jefò lapolis pou retabli lòd nan peyi a, epi prezante senpati li ak tout polisye ki blese yo. Chèf primati a te pwofite okazyon sila pou l di gouvènman an travay pou rezoud pwoblèm ensekirite a, yon fason pou kontinye ak pwosesis òganizasyon eleksyon anndan peyi a pou retabli lòd konstitisyonèl sou tout teritwa a jan tout moun swete sa.

Related posts

Yon polisye disparèt ak 2 moun mouri anba bal jodi madi 30 me a nan komin kafou

Ovo Mag Haiti

Les Haïtiens qui veulent travailler en République dominicaine doivent avoir un permis.

Ovo Mag Haiti

Le dernier clip de Darline Desca suscite de nombreuses critiques

Ovo Mag Haiti

Votre compte Whatsapp risque d’être bloqué, si vous utilisez ces applications.

Ovo Mag Haiti

Non,non komisè Jean Ernest Muscadin pa transfere

Ovo Mag Haiti

Plizyè bandi Kanaran jwenn lanmò yo nan vil Gonayiv jodi samdi 13 me 2023 a

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!