Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

Vwayaj òganize, yon estrateji kèk moun itilize pou fè lajan sou rezo sosyal yo

 

 

Depi kèk tan gen yon pakèt pale anpil k ap fèt sou rezo sosyal yo ak nan radyo sou sa ki gen awè ak fo vwayaj òganize, plizyè moun viktim anba men yon bann atoufè ki konvèti tèt yo an ajans oubyen fè kwè yo ka fè moun pati kite peyi a.

 

Nan dènye ane sa yo, kantite moun ki viktim anba zak sa yo ap kontinye ogmante, gen moun jiska prezan ki pèdi lajan yo e yo pa janm pran nouvèl endividi ki te ba yo espwa y ap fè yo rantre Etazini, Kanada, Meksik oubyen Brezil, elatriye….

 

 

Gen moun ki vann tout afè yo nan lespwa y ap fè yo vwayaje, jou pase yo pa janm wè anyen k ap regle. Gen lòt tou, yo deplase se vre men lè yo rive swa Sendomeng, sou fwontyè Meksik, òganizatè vwayaj la lage yo e yo pa janm pran nouvèl li jiskaske imigrasyon pimpe yo tounen. Sa ki gen chans jwenn lajan yo, se pa tout kòb la yo remèt yo, kantite lajan sa yo konn anviwon $ 4000 a 10000 us, pou regle koze vwayaj sa pou yo. Gen endividi ki konn fè moun deplase, rive nan bout wout, yo pran zafè yo, yo touye yo, yo vyole yo, yo vòlè tout sa yo konn pote.

 

Malerezman, viktim yo pa janm ka rive jwenn endivi k ap planifye fo vwayaj sa yo pou fè yo remèt kòb yo oubyen fè lajistis arete yo pou asosyasyon malfektè, elatriye…

Li lè, li tan pou zak sa yo sispann anndan peyi a, twòp moun viktim anba men kriminèl vizaj makiye k ap pran lajan nan men moun ki vle pati kite peyi nan lespwa pou y al chache lavi miyò lòt kote. Anpil fwa, endividi yo jwe sou feblès moun yo, jwe sou dezespwa moun yo pou fè lajan sou rezo sosyal yo oubyen itilize fo ajans pou kase ponyèt malere ak malerèz ki espere yon demen miyò.

 

Dieuveuille François

Related posts

Repiblik dominikèn entèdi Pierre Espérance, Youri LaTortue ak kèk lòt pèsonalite rantre sou teritwa li ya

Ovo Mag Haiti

Pòtoprens yon lanfè pou chak ayisyen!

Ovo Mag Haiti

LeBron James va-t-il bientôt prendre sa retraite?

Ovo Mag Haiti

Légalisation du cannabis en Allemagne

Ovo Mag Haiti

Le Li-Fi, 100 fois plus rapide que le Wi-Fi

Ovo Mag Haiti

Neymar perd un million d’euros dans un casino

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!