Ovomaghaiti
ActualitésOpinion

Pòtoprens yon lanfè pou chak ayisyen!

Depi plizyè mwa kapital peyi a tounen yon veritab jeng, kote se bandi ak zam kap feraye chak jou Bondye mete anba je otorite yo san yo pa janm fè anyen.

 

 

Si te gen yon lè se te moun nan antre sid kapital lan espesyalman nan Matisan ki tap kouri kite kay yo ak paket yo mare, ebyen depi kèk jou se moun nan antre nò kapital lan presizeman zòn Bit Bwaye, Santo, Bon Repo pou nou site sa yo selman kap kouri al pran kanpo sou plas piblik, an pwovens, kay yon fanmi oswa yon zanmi jis pou sove vi yo anba men zago loray san fwa ni lwa, kap touye, boule, piye, vyole san okenn pwoblèm anba je leta-a.

 

Jiskilè Abraram ap di sètase pou ti pèp lan ki fin konnen disèt sezon nan nen bourik anba men eskòmòtè ak zam, ki pa sispann fè yo pase tray?

 

Jouk kilè nèg nan leta ak sektè prive isit ap sispann bay jenn gason gwo zam fann fwa pou detwi lavi pwòp frè ak sè yo?

 

Alèkile Pòtoprens pran nan won, pyès moun paka sikile san yo pa gen laperèz, popilasyon sivil lan lage bra pandye ak dlo nan je tankou timoun kap kriye pou pen ak kafe, men se kiyes ki pral ba li ti kal pen lapè ak tigout kafe sekirite jis pou yo sikile nan aktivite yo.

 

Nap raple depi goumen sila eklate ant nèg baz 400 Mawozo ak nèg Chen mechan, bilan pasyèl yo deja bay anviwon yon trantèn (39) moun deja pati pou peyi san chapo, san konte sak blese, kay ki boule elatriye.

 

 

Gwo kesyon kap poze èske leta ap kite antre nò peyi an tounen Matisan nimewo de (2)?

 

Pa Stéphane EUSTACHE

OVOMAG MAI 2021

 

 

 

Related posts

Lapolis dominikèn arete yon ayisyen apre yon videyo kote yo jije l manke prezidan dominiken an dega

Ovo Mag Haiti

Lucmane Delile est révoqué!

Ovo Mag Haiti

Haïti/Éducation/INSCRIPTION OUVERTE POUR LES CANDIDATS ET CANDIDATES DU BACCALAURÉAT PERMANENT.

Ovo Mag Haiti

Yon nouvo avi rechèch kont Izo

Ovo Mag Haiti

Haïti/ Insécurité.ATTAQUE DES BANDITS ARMÉS SUR UN AUTOBUS.

Ovo Mag Haiti

MechansT annonce un feat avec Kendrick Lamar sur son nouvel album

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!