Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹Économie

Pa gen lajan likid nan bank ak nan biwo transfè yo

 

Biwo transfè nan zòn metwopolitèn nan pa bay sèvis depi ayè madi 2 me 2023 a. Daprè dirijan mezon transfè yo, y ap fè fas ak pwoblèm likidite menm jan ak bank yo. Popilasyon an ki gen transfè diaspora fè pou yo depi wikenn nan, paka jwenn lajan nan biwo transfè yo.

 

Nap raple nan okazyon 13e edisyon somè entenasyonal finans ki te fèt Pòtoprens nan mwa avril 2023 a, Jean Baden Dubois ki se président konsèy administrasyon bank santral la, te fè konnen ekonomi ayisyèn nan an bòn sante, paske bank santral te pran yon ansanb mezi pou fòse bank yo respekte sikilè yo.

 

Jean Baden Dubois, te fè konnen kredi yo ogmante nan tout enstitisyon sa yo, asiz finansyè yo stab e menm depase nivo bank santral egzije yo nan ekonomi an. Nan Rapò BRH te pibliye pou pwemye trimès egzèsis fiskal ane 2022-2023 a, aktif sistèm bankè a pase a 677,06 milya goud. Tandiske bank yo ak mezon transfè yo pa an mezi pou founi ak popilasyon an lajan yo menm jan yo te bay li an.

Related posts

Haïti : le prix du pain en forte hausse

Ovo Mag Haiti

Plis pase 80 polisye asasine, 4 blende boule nan yon tan tou kout

Ovo Mag Haiti

En Plaine: la meurtrière guerre des gangs continue!

Ovo Mag Haiti

Haïti/insécurité/Cannaan, sous la puissance du banditisme.

Ovo Mag Haiti

Corventina fini 2e pi jèn jwez chanpyona feminen fransè an pou ane a

Ovo Mag Haiti

Selon OMM, les cinq prochaines années pourraient être les plus chaudes jamais enregistrées

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!