Ovomaghaiti
Non classé

Ayiti/Edikasyon/Antre lekòl lan poko klè pou paran yo

 

Kèk jou sèlman avan rantre eskolè 2024‐2025 lan, anpil paran pa konn ki sen pou yo rele akoz yo poko ka prepare anyen pou timoun yo antre lekòl ki deja fikse pou premye oktòb 2024 k ap vini an.

Malgre gwo pwomès gouvènman Garry Conille lan te fè, kote yo te pwomèt paran yo yon ti lamama, ebyen jiskaprezan pwomès sila poko ka ateri sou malere ak malerèz pou ta soulaje yo pou voye timoun lekòl, e mete sou sa fenomèn ensekirite an toujou rete kòm yon gwo malè pandye sou do popilasyon an sitou nan rejyon metwopolitèn Potoprens lan ak nan latibonit, menmlè ti jefò lapolis lan fè sètansi pou eseye mete nèg ak zam yo nan wòl yo.

Yon lòt bò, anpil moun nan gran sid peyi an sonnen sonèt alam nan sou lavi chè kap galonnen chak jou pi plis nan plizyè komin nan rejyon an, kote barèt, gogo, douzèn kaye, liv, soulye ak twal inifòm monte tèt nèg, e yo menm denonse kèk direktè lekol ki pa sispann ogmante pri lekòl yo, san bliye kòb machin yo pou kèk zòn ki grenpe parapò ak rate gaz nan rejyon an.

N ap raple malgre premye oktob lan pa lwen, gen anpil zòn ki toujou rete VAR, tankou Gresye, Gantye, ba Dèlma, Kwadèboukè, Kanaan, Savyen pou n site sa-a yo selman ki ta dwe gen lekòl tou le premye, men ki dispozisyon ki pran bò kote gouvènman defakto an pou mete sekirite nan zòn sila yo nou pa konnen.

Lè n ap konsidere pa gen anyen vre ki fèt pou chanje anyen nan kondisyon difisil popilasyon an ap viv lan aprè 100 premye jou depi PM defakto an enstale nan tèt primati an, se tankou se menm rad lan yo jis mete l sou yon lot moun.

Pou OVOMAG : Stéphane EUSTACHE.

Related posts

Roulette

Ovo Mag Haiti

Un joueur de 21 ans a renoncé à 3,9 millions de dollars en NBA pour se consacrer à la religion

Ovo Mag Haiti

How To Be Able To Play Craps In 4 Easy Steps Illustrate

Ovo Mag Haiti

*L’exploit footballistique nigériane (1ère partie).*

Ovo Mag Haiti

Nahomi Osaka: Un rêve devenu une habitude.

Ovo Mag Haiti

Une bibliothèque à Gressier/ le CERBIC-HAITI clôture l’année 2020 sur une note très positive!

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!