Ovomaghaiti
ActualitésEnquête

Ayiti: Yon nouvèl inite elit pou goumen kont gang

 

Daprè medya Enquet’Action, Polis Nasyonal Dayiti (PNH) an kolaborasyon ak patnè entènasyonal li yo kreye diskrètman yon inite elit ki rele UTAG, Inite Tanporè Anti-Gang, nan lide pou anpeche gwoup ame kontinye ap simen laterè nan peyi a.

 

Popilasyon ayisyèn lan ap viv yon vrè kochma akòz gwo vyolans gang ame ki kontinye ap grandi nan peyi a. Nan efò pou konbat gwoup sa yo, ki kontwole plizyè katye nan peyi a, inite espesyalize tou nèf sa a ap resevwa fòmasyon nan men fòmatè inite elit Lafrans la, Rechèch, Asistans, Entèvansyon ak Diswazyon (RAID), se sa Enquêt’Action rapòte.

 

Police nationale d'Haïti, crédit photo Google
Police nationale d’Haïti, crédit photo Google

Si otorite yo nan lapolis la pa fè okenn anons ofisyèl nan medya konsènan kreyasyon Inite Tanporè Anti-Gang (UTAG) la, se reprezantan Sekretè Jeneral Òganizasyon Nasyonzini an Ayiti a, Helene La Lime ki mansyone li, pandan l baze sou yon rapò enstitisyon li a te reyalize sou sitiyasyon peyi nan mwa oktòb 2022. Men li pat site inite a klèman.

 

Nouvèl fòs espesyalize sa a, ki gen yon efektif 150 polisye, amelyore pèfòmans polis la epi ranfòse kowòdinasyon entèn yo, dapre rapò Nasyonzini an, Enquet’Action te konsilte. « Fòs sila a, ki te gen manm li yo ki sibi tout chèk davans ki nesesè yo, epi kap ranfòse gras ak don materyèl ak fòmasyon, ta dwe pase a 300 ajan polis, » daprè dokiman an.

 

Selon ajans anliy la, ki refere li ak sa ki nan rapò Nasyonzini an, fòs sa a ta kreye byen anvan oktòb 2022. Daprè enfòmasyon medya a rive jwenn nan kad rechèch li yo sou dosye sa a, UTAG ta deja patisipe nan gwo operasyon nan peyi a.

Related posts

Le chef du gouvernement condamne la mort des deux jeunes danseurs.

Ovo Mag Haiti

Haïti/ Solidarité./LE MINISTÈRE DE L’ÉDUCATION NATIONALE CONDAMNE LES ACTES DE KIDNAPPING SUR LES ÉCOLIERS(ÈRES).

Ovo Mag Haiti

Sanctionné par le PSG, Lionel Messi quittera le club cet été

Ovo Mag Haiti

Les Haïtiens qui veulent travailler en République dominicaine doivent avoir un permis.

Ovo Mag Haiti

Honduras : plus de 40 personnes tuées dans une prison

Ovo Mag Haiti

Lapolis mete anba kòd yon chèf gang ki apwouve nan pwogram Biden nan

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!