Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

Lapolis mete anba kòd yon chèf gang ki apwouve nan pwogram Biden nan

Innocent Mackenley alyas *Marco* ki se manm gwoup gang ti bwa jwenn arestasyon li ayè mèkredi 27 jiyè 2023 a, nan ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti.

Foto arestasyon Innocent Mackenley Kredi foto: pnh
Foto arestasyon Innocent Mackenley Kredi foto: pnh

Daprè lapolis, misye tap prepare pou li rantre Lèzetazini nan kad pwogram Biden nan lè fòs lòd yo mete men nan pat kasav misye. Lapolis fè konnen Innocent Mackenley apèn enstale kòm chèf gang nan bizoton 55 lokalite komin kafou.

 

Lapolis tap chèche misye tankou chen fou pou enplikasyon prezime li nan zak asasinay polisye Frantzy Occil, nan dat 31 mai 2023 ak Pedro Mondelus  tout moun konnen sou non (Pépé), ki se anplwaye OAVCT komin kafou ki te mouri 12 jiyè 2023 nan Thor 12 . Pou kounya Innocent Mackenley nan gadavi anndan DCPJ pou swit jidisyè yo.

Related posts

Doublé et une passe décisive pour Lionel Messi ce soir avec l’inter Miami

Ovo Mag Haiti

Lucmane Delile est révoqué!

Ovo Mag Haiti

Résumé de l’actualité en une article!

Ovo Mag Haiti

Nouveau record d’influence pour Cristiano, il dépasse la barre des 600 millions followers sur Instagram

Ovo Mag Haiti

Yon polisye disparèt ak 2 moun mouri anba bal jodi madi 30 me a nan komin kafou

Ovo Mag Haiti

Haïti/Politique/Entente entre Moïse Jean Charle et le reste de l’opposition.

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!