Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

Etazini pwomèt plis pase 50 milyon dola a Ayiti pou ede l fè fas ak kriz imanitè

 

Kamala Harris, pwomèt yon èd 53,7 milyon dola ak kreyasyon yon nouvo kò espesyalize anndan lapolis la nan somè entenasyonal ki t ap fèt Jamayik jodi jedi a.

 

Vis prezidant ameriken an, Kamala Harris, anonse jodi jedi 8 jen 2023 a, yon èd ki evalye a 53,7 milyon dola ameriken pou fè fas ak kriz imanitè k ap ravaje peyi a. Yon èd ki destine pou reponn ak bezwen plis pase 4 milyon ayisyen ki nan ensekirite alimantè grav. Daprè Kamala Harris, se USAID k ap gen pou jere èd sila. N ap raple gouvènman Ariel Henry deja debloke 21 milya goud pou konbat ensekirite alimantè nan peyi a, men jiska prezan poko gen rezilta.

 

 

Yon lòt kote, nimewo 2 mezon blanch lan fè konnen administrasyon Biden/Harris la pral sipòte kreyasyon yon nouvo kò espesyalize anndan lapolis nasyonal la, kò sa pral gen pou responsabilite mennen bon jan ankèt sou krim transnasyonal yo. Inite sa pral travay kont kontreband zam ak minisyon, trafik moun ak aktivite gang transnasyonal yo.

Related posts

L’histoire selon laquelle Hakimi a mis tous ses biens au nom de sa mère est fausse

Ovo Mag Haiti

Nike suspend son contrat avec Kyrie Irving pour avoir partagé un contenu jugé antisémite

Ovo Mag Haiti

Haïti / Commémoration/Ariel Henry a rendu hommage à Jean Jacques Dessaline.

Ovo Mag Haiti

Ariel Henry pwomèt konstriksyon kanal la ap kontinye

Ovo Mag Haiti

Mèkredi 20 septanm sa ap konje

Ovo Mag Haiti

Expulsions d’Haïtiens par l’administration Biden : le HCR parle de violation du droit international.

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!