Ovomaghaiti
ActualitésAktyalite

Kodak Black vle prezidan peyi Dayiti pou met fen ak koripsyon

 

Bill Kapri, nou tout konnen son non Kodak Black ki se yon rapè ameriken dorijin ayisyèn manifeste dezi li pou l vin prezidan peyi Dayiti pou mete fen ak koripsyon jeneralize k ap fini ak peyi a.

 

kodak Black fè revelasyon sa yo, nan emisyon “Whoolywood Shuffle” ki anime pa DJ Whoo Kid. Kodak Black prezante tèt li kòm yon sitwayen ki renmen moun, ki sousye de byen nèt pwochen li san okenn enterè, li di li vle trase yon egzanp nan klas politik ayisyèn nan. Atis la fè konnen li vle enspire sou ansyen prezidan ameriken an Donald Trump pou reyalize rèv sa.

 

Le rappeur américain d'origine haïtienne Kodak Black, crédit photo: Google
Le rappeur américain d’origine haïtienne Kodak Black, crédit photo: Google

Nap raple Kodak Black, kondane nan prizon plizyè fwa pami yo nan mwa davril 2019 pou detansyon dwòg ak zam ilegal, rapè ameriken an te kondane pou volè machin, agresyon ak lòt krim, men ki te jwenn gras ansyen prezidan ameriken an Donald Trump nan fen mwa janvye 2021 an kèk èd tan avan envesti prezidan Joseph Potus Biden.

 

Pou te jistifye gras Donald Trump te fè Kodak Black la, mezon blanch te presize nan yon kominike ki fè konprann Kodak Black te deja pije mwatye nan pèn li, epi souliye angajman Kodak Black pou bòn koz ak jenewozite li, pou don li fè ak diferant asosyasyon.

Related posts

Haiti/Politique/PLUSIEURS ÉCRIVAINS SE POSITIONNENT SUR LA SITUATION EN HAÏTI.

Ovo Mag Haiti

« la Mallette nucléaire est décachetée », selon un général russe!

Ovo Mag Haiti

Haïti/ Kidnapping: les cas d’enlèvement sont redevenus les soucis de la population

Ovo Mag Haiti

La DCPJ recherche activement Robert Harry Bretous indexé dans l’assassinat de deux jeunes danseurs.

Ovo Mag Haiti

Plis pase 7 moun mouri anba bal bandi nan yon fiziyad ayè madi 27 jen an nan lilavwa

Ovo Mag Haiti

Gouvènman an redwi sou pri prodwi petwolye yo

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!