Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

Selon RNDDH chèf gang Vitelhomme, se pwason kraze nan bouyon ak wo grade lapolis la melanje ak gouvènman an

 

 

Rezo nasyonal kap defann dwa moun RNDDH, denonse nan yon rapò zanmitay ki genyen ant chèf gang baz kraze baryè a Vitelhomme Innocent ak kèk wo grade nan lapolis la ak gouvènman an.

Daprè rapò sila, chèf gang nan gen yon kòtèj ki genyen veyikil ofisyèl ak sèvis leta pou fasilite deplasman l yo. Òganizasyon dwazimen an fè konnen Vitelhomme gen yon pikòp Toyota doub kabin ki imatrikile 1-01191, selon RNDDH ki se machin lapolis.

 

 

Rezo nasyonal kap defann dwa moun nan revele, jou ki te 16 jiyè 2023 a yon douzèn veyikil ki pote plak sèvis leta ak ofisyèl, te rann yo nan fyèf Vitelhomme pou rankont ki te dire plizyè èd tan. Daprè RNDDH, depi aprè rankont sa kalvè popilasyon kwadèboukè, petyonvil, delma ak taba kòmanse, Vitelhomme vin pi wouye pi koupe.

 

Yon sitiyasyon ki preyokipe sosyete ayisyèn nan, moun ki la pou pwoteje ak sèvi ou nan konnivans ak gang, moun ki pou pran desizyon pou sekirize lavi ou, se yo ki gen manet ensekirite jeneralize a. RNDDH egzote otorite ayisyèn yo, pou pran mezi prese, prese pou limyè jayi sou alegasyon sa yo, epi asire sekirite ak pwoteksyon sitwayen yo fas a monte ensekirite a, yon fason pou reyabli konfyans pèp la nan enstitisyon li yo.

Related posts

Harmonik annonce la sortie de son prochain album!

Ovo Mag Haiti

Une ex actrice porno crée une marque qui veut dire Diable en arabe

Ovo Mag Haiti

Evgueni Prigojine, chef de Wagner qui a tenté une rébellion contre Vladimir Poutine, est mort

Ovo Mag Haiti

Boniface Alexandre, fè vwèl pou peyi san chapo

Ovo Mag Haiti

SOS : Kanis et Florence font monter la température

Ovo Mag Haiti

Des footballeuses suédoises contraintes de montrer leur vagin pour jouer une Coupe du monde

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!