Ovomaghaiti
AktyaliteAYITI 🇭🇹

Platfòm CQR disparèt kou kout zèklè epi lage anpil ayisyen nan rakonte

 

Platfòm CQR ki te gen plis pase 400 mil ayisyen sou li, pa disponib depi nan lanwit mèkredi 19 avril jiska lè nap ekri atik sa. Se yon platfòm kriptomonè ki te gen plizyè milye Dola US envestisman sou li.

 

CQR te tankou yon sovè pou yon paket jèn nan peyi dayiti ki te lage 2 bra balanse e ki pat gen ni rele, ni reponn. Platfòm sa te fasilite jenn gason, jenn fanm ak kèk granmoun jwenn yon ti debouche, yo envesti piti 35 jiska 500 US pou achete aksyon ki te pote non USDT. Avèk yon kantite USDT chak jou sou platfòm sa, gen yon ansanm aktivite ki rele tach chak aksyonè biznis fè pou yo kapab fè kòb. Nan espas yon mwa ou tire lajan ou te envesti an .

 

Aprè nouvèl CQR pa disponib sou sit la, nou te rankontre ak yon jenn gason 28 lane ki rele James Mesadieu ki te dakò pale avèk nou, sou esperyans li sou platfòm sila. Men se avèk anpil emosyon li tap esplike.

 

« pwoblèm mw se paske mw enskri 9 moun yè maten e tout moun sa yo fè plan 3 moun, plan 500 dola, 4 moun plan 210 epi 2 moun plan 70 sa ki bay yon montan 2480 dola US mw pran pou m ka lanse yo sou platfòm nan, mw te manke 9 pou ekip mwen an te gen 15 moun pou m te ka fè 400 Dola chak mwa plis USDT. Moun sa yo kòmanse ap ban m chalè pou m remèt yo kòb yo te envesti an ».

 

James kontinye pou l di sou platfòm sa, li gentan HT yon moto mete nan trafik, li gentan peye kay pou manman li epi regle plizyè lòt bagay, kote chèk nan enstitisyon l ap travay la patap ede li reyalize.

 

Danise Laguerre, ki gen 23 lane fè nou konnen se tout sa li te posede li envesti yè manten nan yon plan 500 dola epi nouvèl li aprann sistèm nan pa disponib, lajan sa disparèt nan lanati, « M santi se souf mw ki koupe, m pa gen rele, m pa gen reponn pou 500 dola ameriken bagay la fèm mal pito mw te mouri tan pou m tap viv bagay sa, e sak di an ou pa konn ki kote pou w ta pote plent, kibò pou w ta ale kriye, leta sa ki la se zafè gang lap jere ».

 

Men m jan anpil lòt platfòm CQR ale ak anpil lajan malere ak malerez kap chèche lavi, nan yon peyi ki si difisil tankou Ayiti.

Related posts

3 gwo òm dafè tonbe anba sanksyon peyi Kanada pou lyen yo genyen ak gang an Ayiti

Ovo Mag Haiti

2 prezime bandi mouri jodi lendi a nan Petyonvil

Ovo Mag Haiti

2 prezime bandi mouri maten an nan zòn Katalpa

Ovo Mag Haiti

Konsèy sekirite Nasyonzini otorize deplwaman yon fòs miltinasyonal an Ayiti

Ovo Mag Haiti

Plis pase yon ventèn prezime bandi mouri jodia nan zòn Kanapevè ak Tijo 2 lokalite komin Pòtoprens

Ovo Mag Haiti

Poukisa blakawout tabli kò l nan peyi a depi kèk tan, poutan EDH fè silans?

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!