Ovomaghaiti
Actualités Aktyalite AYITI 🇭🇹

Pou sove lavi yo ak fanmi yo anba kolè gang, plizyè abitan nan Kabarè pèdi lavi yo nan lannmè

 

8 abitan nan Kabarè ki tap sove anba kolè bandi, mouri nwaye nan lanmè nan kòmansman semèn sa, pami yo, gen 3 timoun. Daprè yon sous nan sèvis maritim ak navigasyon Dayiti SEMANAH, gen gwo rechèch k ap fèt pou jwenn kadav viktim sila yo.

 

 

Bandi nan Canaan pa sispann teworize popilasyon an anba zye konplis mouche leta, malfra yo touye, rache manm popilasyon an epi boule kay yo, dirijan yo pa janm di yon mo pou soulaje yo, se konsa yon abitan zòn Sous Matla ak dlo nan zye tap fè pase fristrasyon li.

Youn nan paran viktim yo ki t’ap bay detay nan mikro Tripotay Lakay

 

Antouka, ensekirite an Ayiti vin yon bagay nòmal, ni otorite yo, ni sosyete sivil la melanje ak klas ekonomik lan pa janm di yon mo. Chak kouch nan popilasyon an defann gwoup pa yo. Tankou dikton an di l « chak koukouy klere pou jew », entenasyonal sou blof, dwazimen tounen tòl wouj kiyès k ap vin retire popilasyon anba grif gang tout kalite ?

Related posts

Haïti/Marche Pacifique/NON À LA BRUTALITÉ POLICIÈRE, LES JOURNALISTES ONT MARCHÉ

Ovo Mag Haiti

Nécrologie/ décès d’ un ancien président français.

Ovo Mag Haiti

Un nouveau patient guéri du VIH SIDA

Ovo Mag Haiti

Manchester City maîtrise le Bayern de Munich et rejoint le Real en demi-finale de la Ligue des champions

Ovo Mag Haiti

Une photo d’un « serpent » prise sur la planète Mars surprend les internautes

Ovo Mag Haiti

Yon gwo manm 400 Mawozo jwenn lanmò li

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!