Ovomaghaiti
AktyaliteAYITI 🇭🇹

Platfòm CQR disparèt kou kout zèklè epi lage anpil ayisyen nan rakonte

 

Platfòm CQR ki te gen plis pase 400 mil ayisyen sou li, pa disponib depi nan lanwit mèkredi 19 avril jiska lè nap ekri atik sa. Se yon platfòm kriptomonè ki te gen plizyè milye Dola US envestisman sou li.

 

CQR te tankou yon sovè pou yon paket jèn nan peyi dayiti ki te lage 2 bra balanse e ki pat gen ni rele, ni reponn. Platfòm sa te fasilite jenn gason, jenn fanm ak kèk granmoun jwenn yon ti debouche, yo envesti piti 35 jiska 500 US pou achete aksyon ki te pote non USDT. Avèk yon kantite USDT chak jou sou platfòm sa, gen yon ansanm aktivite ki rele tach chak aksyonè biznis fè pou yo kapab fè kòb. Nan espas yon mwa ou tire lajan ou te envesti an .

 

Aprè nouvèl CQR pa disponib sou sit la, nou te rankontre ak yon jenn gason 28 lane ki rele James Mesadieu ki te dakò pale avèk nou, sou esperyans li sou platfòm sila. Men se avèk anpil emosyon li tap esplike.

 

« pwoblèm mw se paske mw enskri 9 moun yè maten e tout moun sa yo fè plan 3 moun, plan 500 dola, 4 moun plan 210 epi 2 moun plan 70 sa ki bay yon montan 2480 dola US mw pran pou m ka lanse yo sou platfòm nan, mw te manke 9 pou ekip mwen an te gen 15 moun pou m te ka fè 400 Dola chak mwa plis USDT. Moun sa yo kòmanse ap ban m chalè pou m remèt yo kòb yo te envesti an ».

 

James kontinye pou l di sou platfòm sa, li gentan HT yon moto mete nan trafik, li gentan peye kay pou manman li epi regle plizyè lòt bagay, kote chèk nan enstitisyon l ap travay la patap ede li reyalize.

 

Danise Laguerre, ki gen 23 lane fè nou konnen se tout sa li te posede li envesti yè manten nan yon plan 500 dola epi nouvèl li aprann sistèm nan pa disponib, lajan sa disparèt nan lanati, « M santi se souf mw ki koupe, m pa gen rele, m pa gen reponn pou 500 dola ameriken bagay la fèm mal pito mw te mouri tan pou m tap viv bagay sa, e sak di an ou pa konn ki kote pou w ta pote plent, kibò pou w ta ale kriye, leta sa ki la se zafè gang lap jere ».

 

Men m jan anpil lòt platfòm CQR ale ak anpil lajan malere ak malerez kap chèche lavi, nan yon peyi ki si difisil tankou Ayiti.

Related posts

Bandi ame anvayi yon legliz nan Delmas epi kidnape plizyè fidèl

Ovo Mag Haiti

2 timoun mwens pase 15 lane mouri anba bal nan delma 18, pandan yo te nan wout pou ale lekòl

Ovo Mag Haiti

Yon elèv mouri ak plizyè lòt blese nan lokalite Foucha swit a yon atak bandi ame ki sòti Gran ravin

Ovo Mag Haiti

Gang ame yo touye plis pase 2800 moun nan peyi a sòti jiyè 2021 pou rive avril 2023

Ovo Mag Haiti

3 prezime bandi fè vwèl pou peyi san chapo nan echanj kout bal ak lapolis nan Grandans

Ovo Mag Haiti

Yon nouvo avi rechèch kont Izo

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!