Ovomaghaiti
Sports

ALEXANDRE BOUCICAUT, YON JENI NAN FASON PAL.

 

 

 

Tout fanatik foutbòl an ayiti paka di yo bliye gwo tonton jwè sa-a ki rele Alexandre Boucicaut an, ke yo te rele tou Ti Boucicaut akoz ke li Pat yon jwè ki wo. Men Talan’l ak kapasite’l fè’l rete youn nan meyè jwè nan jenerasyon pa li an.

Anpil fanatik Violette ak seleksyon an paka bliye jwè sa-a, ki te konn fè defansè yo pase tray ak drib li yo. Sans taktik li, bel frap li ak teknik de drib li se pi gwo atou ke Ti Boucicaut genyen, men’m lè’l te gen yon sal karaktè tou pafwa, men sete yon talan sèten, youn nan gran atizan koup karayibeyèn ayiti te genyen sou Trinidad an 2007 la.

 

MEN KIYÈS BOUCICAUT YE?

 

Boucicaut se yon jwè ki gen kod lonbrik li plante an ayiti, pi presizeman nan potoprins, li fèt yon 18 novanm 1981, li mezire 1.68 m, pòs li jwè se mitan teren ofansif.

 

KARYÈ LI NAN KLÈB.

 

Ti Boucicaut, se te jwè Racing CH, aprè’l t’al nan Violette nan ane 2000 e 2004, kote li te make 22 gòl pou 47 match li te jwe ak yo.

Aprè’l angaje’l ak klèb Chicago Fire lan nan peyi etazini an 2004, kote li te jwe selman 6 match, li Pat fè gòl.

Li al tante chans li nan Colorado Rapids toujou nan peyi tonton sam, li pat jwe okenn match e li pat fè gòl tou.

Li vin arive al jwe nan chanpyona kolonbyen an, an 2006 nan klèb Santafe, kote li pat yon grenn match ak ekip sa-a, e li pat make gòl tou.

Li vin ateri nan chanpyona Meksik lan nan ekip Querétaro FC an, an 2007 kote li pat arive enpoze’l

An 2009 a 2013 li te jwe pou yon klèb nan peyi dominiken ki rele FC Moca, epi Atlético San cristobal an 2014, li te retounen vin jwe nan peyi an, an 2017 toujou nan Racing CH, aprè li tounen sendomeng nan mwa mas 2018 pou al jwe pou Atlético Véga Réal, kote li jwe 13 match avek yo, e li make 9 gòl.

 

NAN SELEKSYON AN.

 

Li entènasyonal ayisyen nan peryod 2001 rive an 2011, li pote koulè seleksyon an 50 fwa , li make 11 gòl.

An 2004 li te jwe 3 match ki te konte pou eliminatwa koup dimond 2006,

3 zan aprè li ranpote koup karayibeyèn dè nasyon an ak seleksyon an sou Trinidad, kote se li kite make de fòbèl manyè premye gòl lan nan viktwa 2-1 sa-a sou triniteyen yo.

23 janvye 2007 li patisipe avek ayiti nan Cold-cup lan nan peyi meriken, kote yo te elimine depi nan premye tou.

An 2008 li patisipe ak seleksyon an nan eliminatwa koup dimond 2010 lan, li jwe 5 match, yon lot pa li anchene ak koup karayibeyèn dè nasyon 2008 lan, kote li te make 2 gòl men sa pat sifi pou te anpeche ekip lan elimine nan faz de poul yo.

Li mete fèn nan karyè entènasyonal li 11 novanm 2011 nan kad eliminatwa koup dimond 2014 lan, aprè yon defèt fas a Antigua 1-0.

 

 

Men’m lè’l pa jwe anko pou seleksyon an Boucicaut ap toujou rete yon gran jwè nan kè tout fanatik foutbòl nan peyi an, espesyalman nan kè fanatik Violette yo paske li te konn ba yo plezi nan stad Sylvio Cator.

A 38 li toujou jwe foutbòl men’m ke se pa nan peyi an, l’ap jwe an repiblik dominikèn nan ekip Universidad O&M FC an.

 

Pou Ovomag: Stéphane EUSTACHE

Related posts

Le FC Barcelone portera un maillot avec un design spécial ce dimanche pour le clasico

Ovo Mag Haiti

Le Portugal pulvérise la Suisse 6-1, sans un but de Critiano Ronaldo

Ovo Mag Haiti

Nike suspend son contrat avec Kyrie Irving pour avoir partagé un contenu jugé antisémite

Ovo Mag Haiti

Sanctionné par le PSG, Lionel Messi quittera le club cet été

Ovo Mag Haiti

Choc des titans : la France gagne face à l’Angleterre et se qualifie pour les demi-finales de la CDM

Ovo Mag Haiti

Manchester City maîtrise le Bayern de Munich et rejoint le Real en demi-finale de la Ligue des champions

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!