Ovomaghaiti
ActualitésAktyaliteAYITI 🇭🇹

Yon nouvo avi rechèch kont Izo

 

Lapolis pibliye sou kont facebook li jodi samdi 15 avril 2023 a, yon #avis de recherche# kont chèf gang Vilaj de Dye an Izo. Daprè avi sa bon non li se Jhonson André, pou enstitisyon polisyè a misye se yon danjere kriminèl ki ame, lapolis repwoche IZO zak asasinay, anlèvman kont ranson.

 

Chèf gang 5 segonn lan ki nome tèt li atis mafya mond lan apèn pèdi chanèl YouTube li an ki te gen plis pase 100 mil abòne. Daprè sa responsab kominikasyon platfòm sa ki se Jack Malon, fè konnen, Jhonson André alyas IZO vyole règleman ak prensip Youtube yo, ki entèdi kontni kap fè pwomosyon pou vyolans, detansyon zam ilegal, detouneman machandiz ak asosiyasyon malfektè.

 

Nap raple avi sa pibliye kèk èdtan aprè platfòm piblikasyon videyo an Youtube fin siprime chanèl Jhonson André alyas IZO, yon non jounalis  Theriel Thelus te deja devwale depi plizyè mwa.

Related posts

Il est désormais possible d’utiliser un seul compte WhatsApp sur plusieurs smartphones

Ovo Mag Haiti

Vous pouvez gagner 1000 dollars si vous quittez TikTok!

Ovo Mag Haiti

Plizyè bandi Kanaran jwenn lanmò yo nan vil Gonayiv jodi samdi 13 me 2023 a

Ovo Mag Haiti

Le tournage de Joker 2 est terminé

Ovo Mag Haiti

Ayiti/ensekirite/Gang 400 mawozo boule yon pati nan komisarya gantye an

Ovo Mag Haiti

Le pasteur Grégory Toussaint inquiète-t-il les politiciens?

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!