Ovomaghaiti
Actualités Aktyalite AYITI 🇭🇹

Lapolis mete avi rechèch dèyè 4 anplwaye SOGEBANK, pou detouneman fon ak asosyasyon malfektè

 

Anne Ketia Georges, Jean Ralph Antoine, Jean Juniot Memnon ak Lifete Leevens Dejoie se non 4 anplwaye SOGEBANK lapolis ap chèche tankou chen fou, pou vòl, abi konfyans ak asosyasyon malfektè pou’n site sa yo sèlman.

Konpilasyon 4 avi rechèch PNH la mete deyò, kredi Foto: @pnh
Konpilasyon 4 avi rechèch PNH la mete deyò, kredi Foto: @pnh

Daprè nòt enstitisyon polisyè a pibliye jodi vandredi 19 me 2023 a, mezi sa yo pran kèk jou aprè arestasyon St Paul Daphkar, ki se sipèvizè kès ak Catheline Barochid, ki se direktris operasyon pou detouneman lajan kliyan SOGEBANK yo, yon sòm ki estime a 132 mil dola ameriken. 2 anplwaye sa yo deja anba kòd depi jedi 4 me 2023, aprè ankèt DCPJ swit a plizyè plent kèk kliyan depoze nan biwo zafè finans ak ekonomik BAFE.

 

Lapolis envite popilasyon an pou yo kolabore epi founi bon jan enfòmasyon ki kapab mennen ak arestasyon endividi sa yo.

Related posts

2 ansyen otorite salvadoryen kondane pou kolabosyon yo ak gang

Ovo Mag Haiti

Twitter supprime le badge bleu des comptes certifiés pour pousser les utilisateurs vers un abonnement payant

Ovo Mag Haiti

Partage des données: Whatsapp repousse la mise à jour de sa politique

Ovo Mag Haiti

Elon Musk suspend le rachat de Twitter!

Ovo Mag Haiti

Arestasyon yon polisye pou konplisitel ak yon gwoup gang

Ovo Mag Haiti

Vladimir Poutine a été visé par une tentative d’assassinat, selon la Russie

Ovo Mag Haiti

Leave a Comment

Ovomag te propose l'information dans toute son intégralité, des analyses, des reportages et aussi d'autres contenu divertissant!